Limyè wouj
Tristès se son lòlòj ki souflete m douvanjou pou leve m nan dòmi. Soufrans se pen kotidyen ki koule nan tout trip ak tout venn ki nan kòm. Trayizon se zami m, se fanmi m ki avè m toulejou sou menm atèmiyò. Rayisans se dra blan ki sou tèt landòmi pou m`kouri gwo lannwit. Dezespwa
