Mèt André Michel : Sispann bay Manti
Jedi 8 septanm 2022 ((rezonodwes.com))–
Pawòl kap pale ki fè konprann ke moun Ki tap manifeste jounen Mèkredi 7 Septanm nan te anvayi Lakay mwen an se Pawòl Manti Ki pa Chita sou anyen. Moun kap bay Manti sa yo vle asasinen karaktè m. Yo vle detwi m. Yo vle fini ak mwen.
Mwen pa konn vòlè, Mwen pa asasen, mwen pa nan kidnapping, Mwen pa nan gang. Pa gen Okenn moun kap ka detwi m. Pa gen anyen moun ka repwoche m. Mwen konnen tou yo vle élimine m fizikman. Men sa pa mache.Lespri zansèt yo ak lespri Sen an ap Kontinye pwoteje m.
Se pa mwen ki te vòlè lajan PETROCARIBE a. Se pa Mwen ki mete gang nan Peyi a. Mwen poko janm jere lajan Leta. Men Pou kisa yap atake m konsa a ? Kisa yo wè ? Kisa yo pè ?
Yon sèl bagay map di yo, Mwen pap kanpe nan batay pou pou m patisipe nan chanje Peyi m nan. Wi mwen vle patisipe kòm yon aktè enpòtan nan chanje Ayiti. Manti pa manti, mannèv pa mannèv, map Kontinye batay bò Kote pèp la.
Yo pa vle pèp la wè SDP gen rezon, yo pa vle pèp la wè verite a. Se pou sa yap mete konfizyon. Nou pap ka kenbe pèp la nan Manti toutan. Pèp la koumanse konprann. Popilasyon an gen pou li fin konprann tout bagay anvan lontan.
Mwen vle Pwofite anonse Nou nan fen mwa septanm nan, Mwen pral koumanse koze ak popilasyon sou yon seri gwo Dosye tankou elektrisite,dosye agrikilti,dosye Politik entènasyonal, koze ekonomi, Zafè diaspora a, zafè edikasyon, zafè lasante, koze sekirite, Lajistis, istwa dayiti, anviwonnman,la kilti, elatriye. yo pap ka fèmen bouch mwen. Yo pap ka fèmen bouch SDP.
Ann pran chimen dyalòg la. Ann travay ansanm pou Lapè, Estabilite ak devlopman. Se sa ki bon wout la.
Ane pase, Mwen te fè yon kout pye Sendomeng kap vwazen an, mwen wont tankou chen paske m te wè anpil Bèl bagay. Nou ka fè sa tou. Nou ka konstwi Peyi Nou. Frè m ak sè m yo, mete Tèt Nou sou zèpòl Nou. Pa kite moun fè w pran zanmi w pou lènnmi w. Pa kite moun fè w pran Viktim pou bouwo.Mete Tèt ou anplas !
Mwen fèt Lamontay Jakmèl. Manman m te Machann Kenkay Bèlans, Grangozye, Ansapit. Papa m te konn travay latè, plante mayi, pwa, yanm ak Bannann.Mwen te rete sou Bèlè, Fontamara, kafou Fèy. Mwen te lekòl Lise Tousen. Mwen soti zantray pèp la. Mwen konekte ak pèp la. Pa gen Okenn moun ki ka detwi relasyon m ak pèp la.
Mwen remèsye sila yo Ki te gentan gen kè kase pou mwen. Mwen renmen Nou. Mwen anfòm kou Bas!
André Michel
Avoka
Potoprens,7 Septanm 2022.!

