Jedi 25 dawout 2022 ((rezonodwes.com))–
RASANBLE AK ANSANM LÒT PATI POLITIK AK ÒGANIZASYON sosyo politik sa yo ap salye laprès pale ,ekri ak televize Pou gwo travay yap fè andan peyi an malgre moman difisil yo.
RASANBLE AK ANSANM LÒT PATI POLITIK AK ÒGANIZASYON sosyo politik sa yo ap voye senpati bay fanmi ak zanmi tout viktim ki tonbe anba bal ensekirite ak kidnaping SDP/ARIEL la. Pandan nap pwofite voye yon gwo kout chapo bay lapolis la ak lame Dayiti ki nan dènye jousa yo kap fè yon travay enpòtan nan batay kont gang ame yo.
RASANBLE AK ANSANM LÒT PATI POLITIK AK ÒGANIZASYON sosyo politik yo felisite tout Pati politik ak Òganizasyon Ki te reponn apèl Pati RASANBLE Pou kite akò 11 septanm lan. yon Akò ke Ariel Henry ak tout gouvènman li an pa respekte. Ariel pa lejitim li pèdi konfyans popilasyon an, Pati politik yo ak Òganizasyon nan sosyete sivil lan.
RASANBLE AK ANSANM LÒT PATI POLITIK AK ÒGANIZASYON sa yo ap denonse tentatif Akò ant SDP, INITE, PHTK, MTV, FUSION, PITIT DESALIN, elatriye pou pwolonje manda Ariel HENRY jiska 2025. Nan sousi pou yo kontinye gagote ti rès lajan Leta, touye pèp lan andan katye popilè yo, monte gaz lan, kontinye kenbe monte dola a. Ansanm Pati politik ak òganizasyon sa yo voye jete byen lwen lide ki kache dèyè Akò chanpwèl sa.
RASANBLE AK ANSANM LÒT PATI POLITIK AK ÒGANIZASYON sosyo politik sa yo ki kwè nan valè demokratik yo epi ki pran konstitisyon kòm bousòl rete atache ak prensip ke Sena repiblik la syeje an pèmanans epi Senatè yo se garan souverènete Nasyonal la. Jodia peyi an menase pa yon fòs fè nwa ki kwè nan touye moun pou yo kenbe pouvwa.
Se pou tèt sa nap kontinye mande pou 10 Senatè yo pou pran responsabilite yo. Pou yo mennen dyalòg politik la, pou ansanm nou kapab jwen yon Akò politik, monte yon gouvènman epi poze Baz sekirite pou eleksyon reyalize nan peyi a nan yon ti tan ki pa two lwen. Pou remèt pouvwa ak yon Ekip lejitim, pou peyi a retounen nan nòmalite konstitisyonèl li. Pou peyi a kapab pran chimen pwogrè ak stabilite politik.
RASANBLE AK ANSANM LÒT PATI POLITIK AK ÒGANIZASYON sosyo politik sa yo ap profite mande gouvènman sa esplikasyon sou plis pase 3 milya goud yo di ki debloke nan Leta a pou fè apèzman nan katye popilè yo ak nan sektè agrikòl la. Pèp la pa remake yon goud ni nan katye yo ni nan milye peyizan ak nan asosiyasyon plantè yo. Okontrè se mizè kap kontinye ravaje Popilasyon an nan katye popilè yo, latè pa travay pou bay popilasyon ayisyèn nan manje. Kote plis pase 4.5 milyon ayisyen menase pou mouri ak grangou.
RASANBLE AK ANSANM LÒT PATI POLITIK AK ÒGANIZASYON sosyopolitik sa yo konstate ekip sa pa fè anyen pou akonpaye manman ak papa pitit pou antre lekol la, pandan yo di 3 milya goud debloke nan kès Leta pou fè apèzman sosyal.
Pèp ayisyen, RASANBLE AK ANSANM LÒT PATI POLITIK AK ÒGANIZASYON sosyo politik, ap fè apèl ak tout pitit peyi a ki wè nesesite pou pran yon lòt direksyon politik ak peyi sa a. Pou vinn rasanble ak RASANBLE AKANSANM LÒT PATI POLITIK AK ÒGANIZASYON sa yo pou nou fòse Ariel Henry ak ti gwoup Pati politik kap finn souse ti ma richès peyi a, kite pouvwa a.
Nap mande popilasyon an leve kanpe nan Kat kwen peyi an Pou yo kontinye manifeste pou fè revandikasyon nou yo respekte pandan nap profite voye senpati nou bay zanmi fanmi tout viktim nan 2 jounen mobilizasyon popilè nan kat kwen peyi a.
Nap kontinye mande tout patizan nou yo pou pou toujou pote kole nan tout mouvman pasifik ki vize chanje lavi pèp la.
Pou n fini RASANBLE AK ANSANM LÒT PATI POLITIK AK ÒGANIZASYON sa yo ap kontinye sipòte epi kore tout mouvman popilè tout kote andan peyi a pou fòse gouvènman SDP/INITE/ VERITE/PHTK, Ariel la bay talon yo nan pouvwa a.
Ayiti paka kraze, Ann RASANBLE

