Minis Manigat : Lekòl kapab ede nan ‘’dezame vyolans‘’

0
1611

Vandredi 29 jiyè 2022 ((rezonodwes.com))– « Dat 5 sektanm nan kenbe pour rantre lekòl ane 2022-2023 a », se youn nan prensipal mesaj minis Nesmy Manigat te delivre pandan konferans pou laprès li bay jodi vandredi 29 jiyè a, nan tèt kole avèk direktè jeneral ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) ak de lòt direktè teknik nan ministè a.

Dat rantre lekòl sa a konsène timoun ki nan preskolè pou rive sou sila yo ki nan lekòl pwofesyonèl ak teknik.Se nan sans sa a, minis Nesmy Manigat ankouraje paran yo, malgre kontèks difisil peyi a ap viv, pou yo prepare timoun yo pou retounen lekòl. Yon peyi tankou peyi D Ayiti, k ap fè fas ak gwo difikilte, pa gen okenn enterè pou elèv yo ap rate jou lekòl.

Pou ane lekòl 2022-2023 a kapab demare nan lapè ak trankilite, minis Edikasyon nasyonal la mande reprezantan tout sektè anndan peyi a pou yo pa sispann chèche wout dyalòg sitwayen an.

Se yon dyalòg ki nesesè paske li kapab tabli bon jan klima sekirite pou fasilite pòt tout lekòl relouvri tout kote anndan peyi. Si sa pa fèt, nan anpil zòn anndan peyi a, sitou nan Pòtoprens ak nan komin ki ozalantou kapital la, anpil pòt lekòl pa p kapab relouvri pou kòz vyolans zam.

Premye anseyan nasyon an di li pa gen dout sou enpòtans dyalòg sa a ant Ayisyen ak Ayisyèn. Se konklizyon dyalòg sa a ki va pèmèt 4 milyon timoun ak jenn retounen lekòl nan kè poze yon fason pou yo kapab kontinye prepare yo pou fè fas kare ak lavi a epi pran responsabilite yo, kòm sitwayen, sitwayèn anvè peyi a.

‘’ Pa bliye vyolans boujounen nan tèt anvan li rive atravè zam ki kenbe nan men. Se lekòl ki kapab ede nan « dezame vyolans ». Tout Aysisyen ki renmen peyi a tout bon vre : bay lekòl la chans li ‘’, se te dènye pati mesaj minis Nesmy Manigat ki mande tout sosyete a pa neglije defann dwa fandamantal timoun yo, jenn yo genyen pou yo ale lekòl epi aprann nan kè poze.

Se sèl fason, daprè minis Manigat, pou garanti lavni peyi a.

Biwo kominikasyon/MENFP

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.