Pozisyon ansyen depite Mibalè, Abel Decollines sou konfli ame nan Kwadèboukè

0
1500

Jedi 28 avril 2022 ((rezonodwes.com))–

Ansyen depite Abel Descollines denonse sitiyasyon konfli amé nan komin Kwadèboukè ak nan la plèn ki bloke tout depatman nan zòn gran Nò peyi Dayiti. Depi preske yon semèn sikilasyon machin ralanti ant depatman sant ak Potoprens epi yon bon pati nan Lwès.

Dapre premye rapò ki sòti madan Sara ki abitye antre nan Potoprens deja pèdi plisyè milyon goud machandiz akòz machin ki paka travèse nan komin Kwadèboukè ak nan zòn la Plèn lan.

Anpil lòt aktivite blije kanpe nan plizyè komin depatman Sant peyi a akòz blokaj nan Kwadèboukè ak nan zòn la Plèn. Sitiyasyon sa a gen konsekans sou pwodwi kap rantre nan Sant menm jan ak sa kap soti menm depatman an. Depatman sant kòmanse manke anpil pwodwi ki abitye sòti nan potoprens.

Abel Descollines mande gouvènman ak la Polis nasyonal Dayiti (PNH) pou pran reskonsabilite yo devan sa kap pase nan Pòtoprens lan.

Abel Descollines sezi wè jiska prezan premye minis Ariel Henry avèk tout gouvènman an pa di yon mo sou kantite moun ki mouri epi blèse nan kad konfli ame nan Kwadèboukè ak nan zòne la Plèn.

Abel Descollines voye senpati bay tout moun plato santral ki gen moun viktim nan komin Kwadèboukè ak nan zòne la Plèn.

Abel Descollines

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.