25 octobre 2026
Saint-Jean-du-Sud ap li : pou pote liv pi pre kominote yo
Actualités Culture Kreyòl

Saint-Jean-du-Sud ap li : pou pote liv pi pre kominote yo

Place Plongaye, nan Marseille, Dezyèm seksyon kominal Saint-Jean-du-Sud, anba tèm: “mete liv nan de men m”, te tounen yon fèt liv, espas rankont, konesans, kreyativite ak pataj kiltirèl nan okazyon premye edisyon Saint-Jean-du-Sud ap li, yon inisyativ òganizasyon Plongaye mete sou pye pou ankouraje lekti epi pote liv pi pre popilasyon an.

Aktivite sa a antre nan kad mouvman nasyonal AYITI AP LI, yon pwojè Observatoire Patrimoine (OBPA) ak Salon du Livre et des Arts du Grand Nord, ki gen pou objektif ankouraje lekti nan tout kwen peyi a, devlope aktivite literè ak entèlektyèl nan komin yo, kreye yon bibliyotèk nan chak komin an Ayiti epi kontribye nan konstriksyon yon sosyete kote liv ak konesans aksesib pou tout moun.

Pandan tout jounen an, patisipan yo te gen okazyon asiste epi patisipe nan divès aktivite kiltirèl ak edikatif: vant siyati, distribisyon liv, konferans, deklamasyon tèks, entèpretasyon mizikal, dans, atelye kreyasyon literè, dekouvèt talan, vizit gide ak aktivite touris lokal. Divèsite aktivite sa yo te pèmèt piblik la dekouvri richès literati, atizay ak patrimwàn komin nan, pandan yo t ap ankouraje timoun ak jèn yo devlope enterè pou lekti ak kreyasyon.

Ekriven, slamè, dizè, dansè ak reprezantan divès òganizasyon te reponn prezan pou bay inisyativ la plis jarèt. Pami òganizasyon ki te patisipe yo, te gen Mouvement Haïti Aux Haïtiens (MHAH) ak repreantan li, Romane CHERY, Alternative Culturelle Nationale (ACUNA) ki te gen nan tèt li Jean Andy JEANBAPTISTE ki te pote kontribisyon pa yo nan bèl aktivite sila. Prezans tout aktè sa yo te montre nesesite pou diferan sektè nan sosyete a mete tèt ansanm pou ankouraje lekti, pwodiksyon literè ak valorizasyon kilti ayisyen an.

Plizyè pèsonalite te fè deplasman pou patisipe nan Saint-Jean-du-Sud ap li, pami yo: Inéma JEUDI, powèt, jounalis kiltirèl, Jean Andy JEAN-BAPTISTE, jiris, otè, antreprenè, Iléus PAPILLON, operatè kiltirèl, powèt, Dr Ravenie PITHON, Dr Lamarre H. SMITH, Pwofesè Lamarque THÉLUSMA, Dr Sarah GERTRUDE, Robenson CÉNOZIER, ekriven, Mr M, slamè, Osnin PIERRE-PAUL, Pastè, Wilner CHÉRUBIN, kameramann ansanm ak ansyen Senatè Hervé FOUCAN, ki te nan asistans lan tou. Prezans pèsonalite sa yo te bay evènman an yon dimansyon espesyal, pandan yo t ap kore jefò k ap fèt pou mete liv, kilti ak edikasyon nan mitan priyorite kominote yo.

Yonn nan pi gwo reyalizasyon premye edisyon sa a se te inogirasyon Bibliyotèk Minisipal Saint-Jean-du-Sud, premye bibliyotèk komin nan. Inogirasyon sa a make yon etap enpòtan nan jefò pou fasilite popilasyon an, espesyalman timoun ak jèn yo, jwenn liv ak dokiman ki kapab ede yo aprann, fè rechèch, devlope lespri kritik yo epi elaji konesans yo. Se yon rèv k ap pran fòm pou tout moun ki kwè nan pouvwa lekti kòm zouti transfòmasyon sosyal ak libète.

Nan kad aktivite sa, powèt ak operatè kiltirèl Iléus PAPILLON, yonn nan moun ki pote lide AYITI AP LI a, te anime yon atelye kreyasyon literè pou plis pase trant timoun Plongaye. Pandan atelye sila, timoun yo te jwenn okazyon pou eksprime imajinasyon yo, mete panse yo sou papye epi dekouvri kapasite yo genyen pou kreye tèks literè. Se te yon moman espesyal pou ankouraje nouvo jenerasyon an pran lapawòl atravè ekriti epi konprann yo menm tou kapab vin ekriven.

Pou valorize travay timoun sa yo, Rose ARTISTE, Marie Suzette MORISSEAU, Edmond MOSSOLINO, Carson GEDEON, responsab Plongaye yo anonse yo pral rasanble tèks ki soti nan atelye a pou pèmèt yo parèt nan yon piblikasyon kolektif. Pwojè liv kolektif sa a se yon bèl fason pou rekonèt talan timoun yo, ankouraje kreyasyon literè depi timoun yo toupiti epi kite yon tras dirab nan memwa premye edisyon Saint-Jean-du-Sud ap li a.

Reyalizasyon aktivite sa a pa t ap posib san sipò plizyè moun ak enstitisyon ki kwè nan valè liv ak kilti. Responsab yo voye remèsiman espesyal bay Click Marketing, ACUNA, Axdor’Events, Direksyon Nasyonal Liv (DNL), Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) k ap sipote Salon du Livre et des Arts du Grand Nord depi lansman li an 2024, Mouvement Haïti Aux Haïtiens (MHAH), Bouyon Kilti, Tout est poésie, Dahney CORIELAN, Jean Andy JEANBAPTISTE, Robenson CENOZIER, Jovely DUBOIS, Isaac VOLCY, Jackson JOSEPH, Anivince JEAN-BAPTISTE, Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, ansanm ak tout lòt moun ak òganizasyon ki te pote kontribisyon pa yo nan reyalizasyon inisyativ sa a.

Premye edisyon Saint-Jean-du-Sud ap li a depase kad yon aktivite kiltirèl. Se yon apèl pou tout kominote yo rekonèt enpòtans lekti, mete liv nan men timoun ak jèn yo, soutni kreyatè yo epi kreye espas kote konesans kapab sikile lib. Aktivite sa montre tou, lè òganizasyon lokal yo jwenn bon jan akonpayman, yo kapab lanse inisyativ ki gen valè pou devlòpman kominote yo.

Ak inogirasyon Bibliyotèk Minisipal Saint-Jean-du-Sud la nan tètkole ak Lameri mete sou pwojè piblikasyon kolektif timoun yo, premye edisyon sa a kite dèyè li anpil bèl souvni pandan li louvri pòt sou nouvo posiblite pou lekti, edikasyon ak kreyasyon nan komin nan.

Saint-Jean-du-Sud ap li: Mete liv nan de men m pou demen m ka pi bèl.

Hugline LOUIS

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.