2 juillet 2024
Palmantè demokrat yo vle pouse do Trump anvan lè
Actualités Société

Palmantè demokrat yo vle pouse do Trump anvan lè

Vandredi 8 janvye 2021 ((rezonodwes.com))– Demokrat ki nan lachanm reprezantan Ozetazini vle depoze lendi chay move kondwit sou do Prezidan Donald Trump pou rive lanse yon dezyèm pwosesis akizasyon kont li.

Demokrat yo ap chache fè sa apre yon pakèt chimè ki patizan Trump te pran Palman meriken an daso ak vyolans, kraze fenèt, sal koulwa yo ak matyè fekal e fè anpil lòt dezòd.

Anviwon senk (5) moun arive pèdi lavi yo pandan gwo lòbèy sa.

Demokrat yo ki gen majorite nan lachanm sanble pare pou make listwa paske okenn prezidan pa janm pran anba pwosesis akizasyon an 2 fwa.

Plizyè demokrat mande vis-prezidan Mike Pence ak minis yo pou yo ta mete Trump deyò nan Mezon Blanch la kòm prezidan nan sans vensenkyèm (25kyèm) amandman konstitisyon an, malgre se douz (12) jou sèlman ki rete pou prezidan eli a, Joe Biden monte sou pouvwa a.

Men dapre yon konseye, Pence pa dakò fè sa.

Prezidan lachanm nan Nancy Pelosi, sou bò pa li, trete Trump  »dezekilibre » epi li deklare Kongrè meriken an ta dwe fè tout sa li konnen pou pwoteje sitwayen ameriken yo, memsi manda Trump pral fini nan mwens ke de (2) semenn.

Pelosi menm rive mande dirijan lame Etazini pou yo pa kite Trump gen posibilite pou sèvi ak lòd zam nikleyè yo.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.