3 juillet 2024
Trump resi dakò pou tranzisyon ant li ak Biden ap byen pase
Actualités Société

Trump resi dakò pou tranzisyon ant li ak Biden ap byen pase

Jedi 7 janvye 2021 ((rezonodwes.com))– Prezidan Donald Trump pwomèt jedi ke l ap remèt pouvwa san pwoblèm e tranzisyon an ap byen pase pou Biden pran mayèt la 20 janvye k ap vini an.

Li pibliye deklarasyon sa vè 3 zè 49 touswit apre Kongrè an fin valide viktwa Joe Biden nan eleksyon yo. Trump blije pa pale twò fò apre lòbèy patizan li yo te fè nan palman meriken an.

Se Dan Scavino ki te oblije pibliye deklarasyon Trump la pou li, paske nan moman an, milyadè a pat kabap itilize kont li ke Twitter te bloke.

Rezo sosyal la te krent ke prezidan an pat sèvi ak kont sa pou fè vyolans la ogmante.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.