7 juillet 2024
KOZPAM di  »Bourik lan dwe leve tèt li pou l di chwal lan Non »
Actualités Société

KOZPAM di  »Bourik lan dwe leve tèt li pou l di chwal lan Non »

Potoprens, Jou ki 5 Janvye 2021 an.

Nòt pou la pres sous Pozisyon KOZPAM sou sityasyon peyi a.

An Avan Pou 7 Fevriye 2021!

Jeudi 7 janvye 2021 ((rezonodwes.com))– Pèp Ayisyen, KOZPAM ki se Platfòm Òganizasyon Kominotè Zòn metropolitèn nan, ki regwoupe plis pas 56 òganizasyon de baz, ap raple nou ke Ayiti sa Ke dirijan leta Yo ap foure nan labou chak jou a se rezilta Gwo sakrifis batay zansèt nou yo pou limanite Te konnen nou se moun nou Gen yon peyi chè Mèt nou.

Aprè plis pase 3 syèk anba dominasyon ak eskplwatasyon esklavajis, jou kite 1 janvye 1804 la nou te rive pran endependans nou kòm premye peyi nwa sou tout latè ak fòs konba nou.

Pa bliye, aprè peyi meriken, ke zanset Nou tè kontribyè nan endepandans li, nou kite kap fè nou la lwa la, nou te dezyèm nan nouvo mond lan.

Pandan tout istwa nou kòm nasyon lib epi endepandan, nou pa janm sispann goumen pou nou rive kanpe yon leta solid nan peyi a. 

Soti 1804 pou rive nan deboulonnen regim diktati Duvalier a an 1986, peyi a te espere yon gwo chanjman sou tout fòm, nou te panse vrèman peyi a tapral mache tout bon, nan wout Devlopman ekonomik ak sosyal kote enpinite ak enjistis ta pral sispann, nou te kwè nou ta pral viv nan yon peyi kote se demokrasi ak la lwa ki ta pral sèl chemen pou Ayiti dekole.

Malerezman de 1986 a 2020 peyi a kontinye viv yon sitiyasyon politik, sosyal, ekonomik ak yon bann komedyen ak atoufè politik chak jou nan men yon bann moun ki chwazi piye peyi an, fin volè tout sa kite rete pou pèp lan Te Jwenn yon lavi miyò, vin jwenn ak tranbleman tè devastatè 12 janvye 2010 ki te Mete leta sa tou touni. Ki montre nivo jesyon leta plezantri peyi sa a.

Sak pi rèd la, soti 2010 pou rive jounen jodia, pwisans enperyalis Yo ki di yo se zanmi Ayiti, nan eleksyon pwograme Yo,  lage peyi an nan men yon bann, piyajè, kriminèl, aloufa, dilè dwòg ak machann peyi, elas se kòmsi peyi a pa gen chans. Sa vle di: sa nou tap chache a nou jwenn li! Nou rive nan trou san fon an, kote se yon bann iletre awogan politik ki pa montre Yo konn b a ba nan politik ke Yo toujou bay ap dirije peyi a.

Se twòp atò. Bourik lan dwe leve tet li pou l di chwal lan Non. Li bouke travay pou chwal lan banbile Taye bandal. KOZPAM mande fwa sa yon lòt ajisman ak konsyans Sou chimen zanset nou Yo pou tout elit pansant peyi a reveye yo kelkeswa nan sektè kote yo ye a, nou paka kite yon ti gwoup atoufè mete ak yon franj nan komite entènasyonal la ap fini ak peyi a konsa nan sousi pou byen mennen sou do mas pèp la. Se nan sans sa nou di: « faute de berger éclairé, le désordre règne parmi les brebis. » Pèp la tankou yon brebi egare ki lage pou kont li.

6,7,8 jiyè 2018 yon fwa ankó pèp la te montre kòlè li kote li te frape pye li tou patou nan kwen peyi a pou li te di non, fòk li fini ak sistèm peze souse sa, ki soti pou fini ak nasyon an. Depi lè sa, pouvwa an plas la mare sosis ak machann peyi yo, tabli gang nan tout kwen peyi an, simaye  represyon pou simen laperèz nan tet tout moun nan peyi a. Soti nan yon bann vye dekrè an deyò ki pa kadre ak lalwa pandan lap itilize lapolis la ke pèp lap ap peye a ak lajan taks li, pou fè represyon sou li ankó, lajan pèp la ap kale pèp lan nan anpeche moun manifeste, nan bat moun yo, bayo gaz e menm rive touye yo. Sak pi rèd la, yo rive menm envante yon kidnapping nan fason pou yo fè gwo lajan pou yo al achte konsyans ak mizè moun nan eleksyon nan lè la gen pou fèt la.

Pèp ayisyen ak tout manm Kozpam yo, kelkeswa kote nou ye sou latè, an dedan ak an deyò peyi a, KOZPAM mande pou nou leve kanpe. Mete pye nou atè, mete men Jan nou kapab pou fwa sa 7 fevriye 2021 an nou rive vreman pou tout bon kraze sistèm vomisman sa ki bannou noze, pandan nap rete vijilan, nap veye an wo veye anba pou se pa vòlè ak piyajè ki pral jere tranzisyon an, fwa sa fòk nou la kòm aktè, nou jwe tròp wòl espektatè deja. Paske se nou menm kap viv sitiyasyon anraje a, nou pa gen bon dlo poun bwè, nou pa gen elektrisite, lopital, lekòl, bon kay pou nou rete epi ak yon ensekirete ak kidnapping pwograme nan degwenn nou ankò.

Pou nou fini, KOZPAM ap mande atoufè ak raketè politik ki genyen mayet pouvwa a nan men yo, pou yo pa fè wont sévi kólè ni tèt rèd, nan respè dekret elektoral lan, avan 7 fevriye 2021 an rive pou wè kijan yap remèt pèp la pouvwa ke li te bayo jere a, ke yo te pranl yo betize avel epi Yo ogmante mizè pèp sa a, san bri san kont lokasyon an bout San delè, pèp lan Mande kle l.

VIV Pèp Ayisyen ki pa janm pran nan defi!

VIV Yon leta kap travay pou pèp tout bon vre!

VIV yon inifikasyon tout fòs viv nasyon an!                                      

ABA sendika diplomatik an Ayiti !

ABA yon sistèm kap fini ak nou kòm pèp!

An avan pou 7 fevriye 2021!

Pou otantifikasyon:   

Jean Robert PIERRE/ Coordonnateur Général

Johny CHERY / Solino

Sergeline NAZULUS / Fort Mercredi

Perère JEAN / Carrefour Feuille

Jean Reynold JEUDI /Mariani 8

Jean Cernier DELICE / Philippeau

Jacquesson JOSEPH / Delmas 32

James JOACHIM /Arcachon

Ralph DUSSENA / Delmas 60

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.