Ayiti : Pa gen okenn politik piblik pou kreye djòb

0
792

Dimanch 3 janvye 2021 ((rezonodwes.com))– Gouvènman ayisyen an pa janm mete nan lari okenn politik piblik li genyen pou ede Ayisyen yo soti nan chomaj oubyen pou kenbe sa k ap travay yo nan yon djòb ki pèmèt yo viv byen tankou moun.

Poutan an Ayiti, jenn gason byen anganm ap chita flannen, rete sou bout mi, jwe domino ak tout fòs kouraj yo k ap gaspitye.

Dapre ansyen minis edikasyon, Nesmy Manigat,  »70% Ayisyen gen mwens ke 35 lane; 70% jèn ayisyen 15-24 ane inaktif ».

Pou responsab enstitityon Partenariat mondial pour l’éducation (PME),  »Chomè se pi gwo sous rekritman gang ».

Men pawòl sa yo pa brinding dirijan ayisyen yo. Nou sonje Premye minis Lapin te fè anpil moun ri an fevriye 2019 lè l te anonse gouvènman an pra l kreye 200 mil djòb nan peyi a pou ka konbat kriz ekonomik ki te lakòz anpil moun te soti nan manifestasyon ki te konn fòt nan tout peyi a.

Sa vle di, se pa konnen yo pa konnen pa gen djòb, se pa anons yo pa fè. Men se oubyen yap lolo lola popilasyon an, oubyen yo ta anvi fè men yo pa konn fè.

Sa k pi rèd la, gen anpil aksyon gouvènman an ki plis detwi pou bontan kèk pòs travay ki egziste. Pa egzanp, Prezidan an te parèt yon videyo kote nan pil traktè ki koute milyon li te fè prepare tè kèk agrikiltè nan latibonit pandan mèt jaden yo kontan, yo chita ap gade gwo machin yo ap travay.

Men, prezidan pa mande tèt li kisa pil ouvriye agrikòl ki te konn voye kout wou, pikwa ak manchèt nan jaden sa yo pral fè paske yo pa jwenn travay pou sezon sa.

Se vre sa. Pou w fè, fò k ou gen plan. Bon jan plan. Se la bagay la mangonmen. Malgre pil ak pakèt nèg ak gwo diplòm doktora ki di yo nan ekip tet kale sa, pa gen okenn plan, okenn politik piblik ni pou kreye djòb, ni pou fè anyen serye nan peyi sa.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.