Le maire de Limonade nommé par l’Exécutif, Gesner Dieudonné, arrêté pour association de malfaiteurs

1
1973

Mardi 3 novembre 2020 ((rezonodwes.com))– Gesner Dieudonné, président de la commission intérimaire de la commune de Limonade, a été arrêté en milieu de journée, suite à un mandat émis par le Parquet du Cap-Haïtien, a informé le journaliste capois Gérard Maxineau.

Le commissaire du gouvernement de cette juridiction brandit contre le responsable de l’administration communale de Limonade des chefs d’accusation comme destruction, dévastation et association de malfaiteurs.

Ces actes, selon le mandat d’amener, ont été commis à l’encontre des paysans de la commune de Limonde et de ses environs.

1 COMMENT

  1. Mwen Toujou di l fok nou rele Antropolog ak lot moun ki nan metye koneks pou n rive konprann sak pase Sosyete Ayisyenn nan. Misye GESNER DIEUDONNE se yon Peyizan ki konn li… Kijan fe se sou tokay li yo l ap cheche fe zak malfekte/malonet.

    Le gang yo Kidnape yon moun ki nan mas pep la menm jan ak yo tankou EVELYNE SINCERE yo pa ezite asasinen l, anpil fwa menm le yo pran KOB la. Men se pa konsa yo trete yon « boujwa, » oswa yon moun ki gen renome tankou tito loto. Yo toujou libere l apre yo jwenn yon Mago oswa yon ti grapday. Men pou EVELYNE SINCERE ki menm te nan renmen ak youn nan yo, se San Pitye.

    Nan « sosyete sivil » la, se menm reyalite a. Tout moun leve kanpe pou Dr BITA pou kidnape yo te ka libere l. Se menm bagay la wi pou EVELYNE SINCERE, men se apre lanmo’ l. Ki kalite sosyete sa a.

    Sou pouvwa, mesi toumouri JB Aristide ak popot bannann Jovenel Moise pat travay pou libere Peyizan Parey yo. Yo reyisi san « Analfabet pa bet » yo ak san « Tet kanna » yo.

    Nan lane 2008, agwonom rate Rene Preval te di popilasyon an ki t ap rele Anmweeee pou Grangou Kloroks ak Asid Batri, madanm li ELIZABETH achte pwodwi yo nan mache byen che tou.

    Sou pouvwa, Preval te itilize peyizan ki konn li ki rive nan palman an ak neg « klas mwayenn » Patekwe li fe vin minis nan gouvenman douveti/koalisyon (separe gato), pou yo te ka sispann ale Radote nan mikwo jounalis ki bezwen sevi Sistem nan.

    Toujou nan logik pou l te pi byen regle zafe kriminel yo ki te nan « Groupe de Bourdon, » Preval te fe kek piwet, li te rive arime Claude Moise, Cary Hector, Michel Hector… ak Daniel Supplice nan « komisyon pwezidansyel » Rans. Si entelektyel sa yo te gen Ideyoloji Politik, okontre se konpetite Preval pou yo ta ye. Se pa djobe yo ta ye pito… C’est le monde a’ l’envers.

    Neg « Klas Mwayenn » menm pi Kriminel ke kontrebandye yo ki nan oligachi a. Rive nan pouvwa Leta, neg « klas mwayenn » pa bay pep regle anyen pou yo. Yo konn 3 bagay selman: dechepiye Leta, fe Patekwe ak Yes mesye Blan. Ayiti se yon kote pou yo fe Kob. Yo mete tout pitit yo ak madanm yo nan peyi blan. Anpil fwa, yo voye menm tiboubout yo al viv nan peyi etranje, al plen « misyon diplomatik » yo.

    Nan yon peyi kote menm moun ou we kap fe Plis Bwi a nan bezwen jete Jovenel Moise, se fatra ki paka fe fimye li ye. Gogmagog ki nan opozisyon an montre nou sa 2000 fwa. Simon Dieuseul Desras se Tonton, moun li denonse yo se Palmis. Yo fe pati menm pyes la. Answit se echek Desras ak moun lap joure yo ki kale Martelly, PHTK ak Jovenel.

    Si Rate marasa Aristide/Preval, Martelly,… ak Jovenel te gen bon jan Ideyoloji Politik yo pa ta ka fouti mennen peyi a nan chimen « Shithole. » Yo t ap cheche bon jan patriyot pou te mete bo’ kote yo, pou yo te tante mennen peyi a vers la terre promise.

    Yo tout pase nan menm MOUL la. Epi yo pat gen fanmi ak Ideyoloji Politik pou te diminye enpak Moul lan nan nanm yo. Pa gen manti nan sa, se nomal pou yo tout te pran plezi pou sove tet yo nan sistem nan, olye yo te cheche kaba l. Gesner DIEUDONNE se yon lot pwezime ti malfrendeng.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.