31 août 2026
Raoul Gérard : Nesesite konstriksyon yon mouvman nasyonal pwogresis
Actualités Kreyòl Opinions Société

Raoul Gérard : Nesesite konstriksyon yon mouvman nasyonal pwogresis

Gen anpil dezespwa, reziyasyon ak dekourajman anfas sitiyasyon aktyèl la. Pou anpil moun se pèsevere n ap pèsevere: 

  • Ayiti pèdi souverènte li: tout desizyon enpòtan ak finansman leta sòti nan anbasad meriken, Kò Gwoup, Konsèy sekirite LONI ak Karikòm
  • Se yon gouvènman sousou restavèk osèvis pyisans enperyalis yo k ap dirije yon leta pouri kowonpi pou benefisye yon ekip granmanjè ak yon elit klas dominan lougawou antinasyonal
  • Gang mafya teworis  oak alye katèl transnasyonal yo fin anrasine pouvwa yo nan yon seri teritwa, epi yo gen tandans elaji zòn yo kontwole yo piplis
  • Leta ayisyen an pa gen volonte pou elimine gang yo, epi gen plizyè fraksyon nan gouvènman an, politisyen  oak polis yo ki asosye ak sèten gang 
  • Se piti piti, o ralanti, Fòs represyon gang Konsèy sekirite LONI an ap met sou pye, epi li menm tou li pap menm gen fòs pou elimine gang yo. Se pa yon Fòs eliminasyon gang. Se plis yon fòs pou estabilize epi mentni sitiyasyon aktyèl la
  • Gen plis pase yon milyon edmi malere ki bije bandonnen kay  oak yon pakèt k ap viv anba tant nan kondisyon mizerab nan kan deplase, epi gen plis pase 5 mil  oak gang yo asasinen chak ane
  • Lavichè, chomaj, ensekirite ak lamizè ap ravaje malere pandan ekonomi Ayiti ap fè bak piplis chak jou
  • Pèpè ak pwodui dominiken ap anvayi peyi a pandan pwodiksyon alimantè nasyonal la depafini. Piti piti, Ayiti ap vin anba titèl Dominikani.
  • Gen yon ekip moun k ap fè bè yo nan kondisyon  oak: se gwo boujwa enpò-ekspò yo, granmanjè yo, trafikan dwòg, trafikan zam ak moun, kontrebandye,  oa gang yo, kowonpi nan leta yo, elatriye…
  • Se konsa gen yon maskarad eleksyon malfektè  oak ap met sou pye pou pwolonje dappiyanp yo fè sou tout bagay nan peyi a epi pou lejitimize menmiz enpeyalis yo sou  oak anba tè peyi a.

An fas sitiyasyon malouk sa a gen yon mouvman rezistans popilè k ap monte desann, epi k ap pran baf a dwat a gòch. Pafwa gen leve kanpe, tankou peyi lòk, pafwa gen moun ki met lespwa yo nan kowalisyon tankou Montana, pafwa gen grèv, pafwa gen manifestasyon, pafwa gen pwojè Kontra Sosyal… Toupatou, gen yon wounou wounou mekontantman ki reflete reyalite a.

Fòk nou tire leson. Wi, klas moun k ap sibi sitiyasyon malouk  oak wè nesesite konstwi yon mouvman rezizstans nasyonal pwogresis. Nou ka di se sèl espwa nou. Nan Ayiti Koupe Fache, nou dakò ak pozisyon kanmarad anndan peyi a ap pran sou kesyon  oak. Men mouvman sa a pa ka konstwi nan rèv ak nan ilizyon. Tèt ansanm, entegrite ak bòn volonte pa yon strateji. Manje ranje pa bay  oake.

Premye leson: 

Toudabò fòk nou klè sou reyalite a. Se pa tout moun ki ka met tèt ansanm. Gen 2 kan. Gen kan klas moun k ap pwofite sitiyasyon aktyèl la mele ansanm ak klas moun ki pap dakò ak okenn chanjman ki pral bouskile enterè yo. Sa se kan klas dominan yo k ap esplwate travayè yo. Se yo k ap kalbende sou do majorite pèp la. Se klas dominan reyaksyonè antinasyonal yo ki asosye ak dominasyon enpeyalis la, ansanm ak tout ekip mafya granmanjè trafikan yo.

Anfas kan mafya sa a, gen kan mas popilè yo ki regwoupe travayè, ouvriye, peyizan, djobè, timachann, etidyan, pwofesè, ti fonksyonè, ti atizan, chomè, refijye, elatriye… Se grann majorite popilasyon an. Se tout klas moun ki  oak sitiyasyon malouk aktyèl la epi ki gen enterè chavire tab la.

2 kan  oak se yon reyalite: se lèt ak sitwon, se kouto tire, se kan lenmi anfas kan zanmi. Kenpòt  oak oubyen estrateji rezistans ki pa kenbe kont reyalite sa a pap ka reyisi.

Dezyèm leson:

Leta ayisyen an pa ka remanye oubyen refòme nan enterè mas popilè yo. Se yon leta ki fin pouri nèt epi se yon leta ki chanbre koripsyon an. Se yon leta ki chapante dominasyon ak esplwatasyon klas domine yo. Se yon leta bèf sou do nou. Se leta sa a k ap pwoteje pwopriyete prive malpataje a ki lakòz lamizè majorite popilasyon an, pandan gwo boujwa ap byenmennen. Se yon leta ki fin fè bèk atè devan pyisans enperyalis yo. Se pa yon leta ki ka refòme pou l vin ni nasyonal, ni pwogresis.

Kan mas popilè yo bezwen yon lòt kalite leta tou nèf, yon leta nou ka rele chè mèt chè mètrès, yon leta k ap defann enterè nasyon an ak enterè mas popilè yo. Batay pou dechouke leta  oaken a pa ka regle alamyab. Se yon batay pou pouvwa. Se pouvwa ki pi fò a ki genyen batay. Fòk nou goumen pou konstwi pouvwa pa nou jouktan se li ki vin pi fò.

Twazyèm leson:

Konstriksyon yon mouvman gen plizyè faz ladann. Gen  oak espontane, gen  oak planifye òganize. Se piti piti, mouvman an ka pran jarèt. Mouvman rezistans  oak yo ka òganize sou baz demokratik.  Òganizasyon  oak yo ka trese ansanm pou konstwi òganizasyon rejyonal demokratik. Òganizasyon rejyonal yo ka trese ansanm pou konstwi òganizasyon nasyonal demokratik. Mouvman ouvriye pou ajisteman  oa  oake la deja montre egzanp sa a. Se sendika ak komite ouvriye pou òganize sendika yo ki pote lit sa a nan yon nivo nasyonal la.

Òganizasyon nasyonal yo pa ka annik dekrete. Fòk konstriksyon mouvman rezistans yo derape nan mobilizasyon ak konstriksyon òganizasyon  oak yo k ap defann enterè konkrè ak revandikasyon mas popilè yo kote yo rete. Fòk gen konstriksyon yon liy politik ki  oaken ak defans revandikasyon ak enterè konkrè mas popilè yo. Liy politik sa a  dwe chita sou kaye revandikasyon mas popilè yo ki  oaken lit k ap devlope yo nan diferan mobilizasyon yo. Fòk gen yon ajitasyon nasyonal pou pwojte revandikasyon mas popilè yo ap pote nan diferan lit yo angaje ladann yo. Ajitasyon nasyonal sa a se yon kouwa rasanbleman mouvman rezistans lan. Se konsa mas popilè yo ka rive rekonèt tèt  oak enterè pa yo nan yon mouvman an konstriksyon, pou yo rive pran konstriksyon rezistans sa a an men.

An konklizyon:

Moman aktyèl la chaje ak difikilte. Ensekirite ak laterè gang yo nan katye popilè yo frennen mobilizayon mas popilè  oak konstriksyon òganizasyon rezistans popilè yo. Majorite travay sa a blije fèt anba chal. Se yon moman difisil ki mande anpil disiplin ak detèminasyon. Li mande konstwi pou pi devan. Pa gen rezilta ni solisyon fasil.

Evolisyon sitiyasyon an ka mete nou devan diferan konjonkti kote nou sèlman kapab manevre pou yon alemye. Sa pa vle di nou dwe bandonnen objektif nou yo. Nou dwe kontinye konstwi pandan n ap pran fòs. 

Viv yon Mouvman Nasyonal Pwogresis!

Viv lit Mas Popilè  oak Travayè kòm Potomitan!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.