28 octobre 2026
Ayiti – 6zyèm gòl PHTK3/SDP : Plizyè kote, pèp pran lari kont pri gaz la Ariel Henry monte disèt wotè
Actualités Société

Ayiti – 6zyèm gòl PHTK3/SDP : Plizyè kote, pèp pran lari kont pri gaz la Ariel Henry monte disèt wotè

Lendi 13 desanm 2021 ((rezonodwes.com))– Alòs ke analis yo te panse desizyon monte gaz la gouvènman defakto a te pran t ap pase dous kou ladoudous akòz peryòd fèt la, bagay yo kòmanse mongonmen tout bon vre.

Plizyè kote, moun pran beton, bloke lari pou mande pou pri gaz ak transpò retounen nan nivo yo te ye anvan vandredi a.

Menmsi pèp souvren ki te kraze brize nan 6-7 jiyè 2018 sou prezidan Jovenel Moïse la pa souke kòl, men gen kèk militan ki pa deside bwè remèd chwal FMI-BankMondyal lage sou Ayiti a.

Nan komin Petyonvil la, maten lendi an, se te rèl. Anpil vit machin kraze ak kout wòch

Sou wout Delma menm, anwo pa monte, anba pa desann.

Chofè kamyonèt ak moto pran gwo kamyon mete ankwa pou bloke wout Delma 60 lan. Pou pwovens menm, se pa Tigwav sèlman ki ap kanbe an bandisyon.

Moun Laskawobas gonfle venn yo byen rèd tou. Yo bloke tout wout nan zòn.

Yon sèl revandikasyon, retire gwo bout lajan defakto PHTK 3 mete sou pri gazoline, dyezèl ak gaz blan (kewozèn).

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.