28 octobre 2026
 »Nen pran kou, je kouri dlo » : Jude Célestin ofri ekpètiz li pou ede viktim goudougoudou nan zòn Sid la
Actualités Société

 »Nen pran kou, je kouri dlo » : Jude Célestin ofri ekpètiz li pou ede viktim goudougoudou nan zòn Sid la

NEN PRAN KOU, JE KOULE DLO

Dimanch 15 out 2021 ((rezonodwes.com))–

12 janvye 2010 – 14 out 2021, 11 lane aprè malè pandye Goudougoudou te krabinen kapital peyi a ak divès lòt vil nan depatman Lwès, Sidès ak anpil lòt vil epi voye plis pase 300 mil kretyen vivan nan peyi san chapo, frè n ak sè n yo nan depatman Sid, Nip ak Grandans pran menm frap la anba men lanati.

Yon lòt fwa ankò, anpil kretyen vivan pèdi lavi yo e dega materyèl yo pa piti. Menm jan nou pat pare an 2010, nou pa pare an 2021, e si n kontinye nan wout manfouben sa a, pi ta ka pi tris. Mwen menm Jude Célestin, kòm moun, kòm Ayisyen natif-natal, mwen koube m byen ba pou m voye kondoleyans mwen bay fanmi ak zanmi viktim yo, pandan m ap di yo kouraj !

Nan moman difisil sa a, popilasyon nan Sid, Nip ak Grandans bezwen solidarite frè ak sè yo nan lòt depatman yo, san okenn enterè politik.

Nan sans sa a, mwen deside ofri ekpètiz mwen ak tout eksperyans m te trape nan jesyon katastwòf natirèl ki te frape Gonayiv nan lane 2008 la ak nan kòdinasyon travay teknisyen ak anplwaye CNE yo, yon ekip jenn fanm ak jenn gason ki te rive retire plis pase 300 mil moun anba dekonb, epi ranmase plizyè milye tòn debri aprè Goudougoudou 12 janvye 2010 la.

Kidonk, pitit peyi a nan Sid, Nip ak Grandans ap monte lesyèl pa do e jesyon katastwòf sa a se zafè tout pitit peyi a. Mwen pare pou m pote kole ak yo, san m pa bezwen touche yon goud pou sa. M ap tann dizon otorite yo pou itilizasyon materyèl ki disponib yo pou pote frè ak sè n yo sekou nan Gran Sid la.

Pòtoprens, dimanch 15 out 2021

 Jude Célestin       

1 Comment

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.