Festi Mizik Nòdwès : Premye nòt yon melodi lespwa pou mizik lokal
Nan yon reyalite kote mizik toujou sèvi kòm vwa pèp la, kòm zouti revandikasyon, relijyon ak terapi, Festi Mizik Nòdwès parèt tankou yon repons vivan ak otantik kont silans kiltirèl ki souvan anvayi depatman Nòdwès la ki lwen kapital la. Se nan lide mete plis limyè sou kreyativite atis lokal yo epi bay mizik la
