Ouvriye faktori yo reprann lari mèkredi maten an | Lapolis retounen fè represyon sou manifestan yo
Mèkredi 16 fevriye 2022 ((rezonodwes.com))– Yon lòt fwa ankò, ouvriye faktori nan Pak Endistriyèl wout ayewopò a (Sonapi), repran beton an pou reklame ajisteman salè minimòm la. Manifestan yo mande pou mete tchotcho y ap touche a nan nivo 1500 goud pa jou pou yo ka omwen viv tankou moun. Yo rele aba 500 goud
