KORESA MONTANA ankouraje popilasyon an pou kontinye kanpe fas ak pouvwa kriminèl PHTK 3èm vèsyon ak alye l yo
NÒT POU LAPRÈS/ No-001Kolektif òganizasyon Rejyonal Siyatè Akò Montana (KORESA MONTANA) Lendi 19 septembre 2022 ((rezonodwes.com))– Kolektif òganizasyon Rejyonal Siyatè Akò Montana a (KORESA MONTANA) salye kouraj ak detèminasyon pèp ayisyen nan batay pou reklame byennèt kolektif ak yon lòt Leta ki chita sou Jistis sosyal epi mande demisyon San kondisyon Gouvènman defakto Ariel Henry
