Regwoupman Edikasyon Pou Tout Moun : »Repons k ap bon peyi a pa nan men etranje ni li pa p vini avèk fòs militè etranje »
Regwoupman Edikasyon Pou Tout Moun (REPT) denonse sitiyasyon ensekirite malouk peyi a ap fè fas dènyè jou sa yo. Nou endiye lè n gade kòman bandi ak zam rantre nan Kafou Fèy touye, boule epi vyole fanm. Sitiyasyon malouk sa lakòz plizyè milye moun nan Kafou Fèy pami yo tifi ak tigason lage nan dòmi
