Fakilte Lengwistik Aplike salye depa Doktè Mirville, yon gwo defansè lang kreyòl
Vandredi 11 jen 2021 ((rezonodwes.com))– Dekana Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) aprann, avèk anpil tristès, lanmò Akademisyen Ernst Mirville. Doktè Ernst Mirville te yon pwòch FLA e li te anseye nan Inivèsite d Eta d Ayiti (nan Fakilte Etnoloji). Li te yon militan pou defans ak pwomosyon lang kreyòl ayisyen an. Non militans li te Pyè
