Woukoukou!
Tout moun kriye rele ape woukoukouye Rara san Banbou pa rara pou mwen Woukoukou pou wou Woukoukou! Vanyan an janbe Van wouke san bri Li ale san kenken. Kanmarad Pyè Loray kataye Banbou danse petwo laye gongo foulaye ibo mawonnen nago Rara san Banbou pa rara Woukoukou! Woukoukou! Mouvman Kreyòl repondonng nan silans rada toumant a lespwi wa ye. Lonbray Jan Tanbou layite ladouskivyen pawoli nan woulawoup lekzistans liminasyon tètgridap sou koulè kavo li Rara san Banbou pa rara Woukoukou! Woukoukou! Pyè Banbou ou se fòs òganik lespri maton. Ou janbe se vre men rasin ou ape trese riban kow! kow! nan jaden zansèt yo.
