Lespwa lanmou : yon kout pè zo byen monte
yon tèks Iléus Papillon Madi 5 oktòb 2021 ((rezonodwes.com))– San fè bri, kòtèj ak sirèn, nan mwa oktòb 2019, yonn nan majòjon Sosyete Koukouy Kanada yo, Michel-Ange HYPPOLITE (Kaptenn Koukouwouj) depoze nan plamen nou: Lespwa lanmou. Pretèks pou lanse yon envitasyon pou nou vin dekouvri yon nonm k ap esperimante lanmou, lapèn, desespwa… nan fason
