16 juin 2024
Le parti Tèt Kale réagit et fustige ceux qui parlent de fraudes électorales!
Actualités Élections

Le parti Tèt Kale réagit et fustige ceux qui parlent de fraudes électorales!

phtk-1800x600

Le parti du pouvoir Martelly, PHTK (Parti Haïtien Tèt Kale), dans une note de presse rédigée en créole a dénoncé le comportement, qualifié d`anti-démocratique, d`un groupe de gens « malhonnêtes » qui veulent jeter le doute sur le processus électoral et le scrutin du 25 octobre 2015.

Selon ce parti, qui a présenté l`entrepreneur Jovenel Moïse comme candidat à la présidence, ces gens font circuler des informations tout à fait étonnées sur le déroulement du scrutin du 25 octobre, alors que cette journée doit être considérée comme une date historique.

Le parti Tet Kale invite donc ses partisans, candidats et sympathisants à ne pas changer de comportement et à attendre la publication des résultats de ce scrutin.

Pòtoprens, 26 oktòb 2015 – Direksyon Platfòm PHTK ap remèsye tout elektè, mandatè, rabatè, sipèvizè, obsèvatè, tout patizan ak senpatizan li yo ki te pran lari jounen 25 oktòb la pou al vote Jovenel Moïse pou prezidan ansanm ak tout lòt kandida nimewo 5 PHTK yo.

Yon gwo felisitasyon pou tout sitwayen ki konprann règ jwèt la, ki te pran lari san vyolans pou y’al ranpli devwa sivik yo epi tout aktè ki te enplike nan reyisit pwosesis demokratik la. Aprè bèl prèv tolerans nou sot bay la ak bèl manifestasyon demokratik sa, direksyon PHTK tou pwofite opòtinite sa pou li envite kandida, sipòtè ak senpatizan li yo pou yo kenbe menm konpòtman an pandan y’ap tann KEP a pibliye rezilta eleksyon sila.

Direksyon Platfòm PHTK ap denonse konpòtman anti demokratik yon gwoup moun malonèt ki vle jete dout, fè menas ak simen move enfòmasyon sou kokennchenn dat istorik sa a. Nou denonse e kondane tout zak vyolans ki fèt pou simen latwoublay nan pwosesis la, kèlke swa apatenans politik moun ki fè zak sa yo. N’ap denonse ak tout fòs nou vye konpòtman sa yo e n’ap mande moun sa yo pou yo kite peyi a avanse sou chimen demokrasi ak pwogrè.

Menm jan nou toujou di’l se nan eleksyon pou yon moun ale pou gen pouvwa, paske nou se yon platfòm ki responsab, nou kwè nan demokrasi epi nou respekte manman lwa peyi a. Eleksyon se yon egzèsis demokratik e nou envite tout kandida pa nou ak kandida tout lòt pati politik yo pou yo rete kè poze pou tann rezilta yo kòmsadwa.

Biwo Kominikasyon
Platfòm PHTK

1 Comment

  • Jack Richemond 28 octobre 2015

    Se konsa pousa fet. Devan devan net

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.