Clarens Renois écrit au président Jovenel Moïse : Eske ou pa konprann, ou byen ou pa wè ?

3
1771

Lèt tou louvri pou Prezidan Jovenel Moise par Clarens Renois

Jeudi 2 août 2018 ((rezonodwes.com))–

Mouche prezidan, lizay pou ou




Prezidan, aloske eveman 6 ak 7 jiyè yo simen plis latwoublay ak gwo kè kase nan mitan tout popilasyon an,
Pouvwa w ap dirije a poko fè okenn mouvman ki montre w tande epi konprann li tout bon
Jan bagay yo prale la, prezidan, pita ka pi tris
Eske ou pa konprann, ou byen ou pa wè ?
Peyi a ap kraze !!!
Pa gen lespwa, pa gen lavi !
Ki sa w ap fè ?
Sanble w pa tande ?

Ou pa tande rèl pèp la, jèn yo, peyizan yo, ouvriye ak ouvriyèz yo, pwofesè lekòl yo, chofè kamyonèt ak taksi moto yo, moun ki pap travay yo
Rèv yo ak espwa yo pase anba pye.
Sanble w pare pou fè ti pas kout ak pouvwa a
Kòm kwa pran menm moun yo pou w rekòmanse
Prezidan Jovenel, sa k ap pase la se pa zafè PHTK, se pa koze yon sèl kan politik
Se pa chita bay lodyans ak moun ki nan menm kan avè w kap rezoud pwoblem yo
Sa k ap pase la se kòz tout Ayisyen
Fòk ou lonje men kontre moun ou pran pou ènmi w yo, sa k pa vle danse kole avè w yo, se nan antant n ap ka jwenn wout pou n sòti
Prezidan, mwen regrèt tande pwòch ou ap pale kòmkwa se opozisyon ki lakoz sa kap pase a
Nap twonpe tèt nou.




Sa k pase 6 ak 7 jiyè a se siyal ki dwe di w bagay yo pa bon. Pèp la ap soufri. Moun yo pap viv tankou moun.
Jèn yo pèdi espwa, yo lage pou kont yo.
Kisa w ap fè ? Ki sa w pral fè ?
Bagay yo pa bon prezidan. Jan w ap gouvène a pa bon.

Pèp la pap tann ankò.
Li bezwen wè gwo jès ak aksyon ki ka pote lespwa
Jodia prezidan Ayiti pap viv. Peyi a kanpe ap gadew.
L ap gad ale w
Jèn yo ap gade jan w ap jwe ak avni yo
Prezidan Jovenel pran responsabilite w nan sa k ap pase a
Desten peyi a ak avni tout popilasyon an nan men w.

Listwa va sonje se ou menm ak akolit ou yo ki fin kraze peyi a osinon la ekri ke w te fe jefò pou retire n nan katchouboumbe ou mete nou an.

Clarens RENOIS
Coordonnateur National UNIR

3 COMMENTS

  1. Dommage que le president Jovenel, comme Martelly avant lui, n’a qu’un seul projet: S’enrichir a tout prix. Il se fout de tes conseils. Ce ne sont pas des hommes, Clarens. Ce sont des voyous qui ont compris la sottise du peuple haitien et le vide et l’isolement qui regnent en Haiti. ILs sont la pour la caisse. Ils se la partagent A TOUTE OCCASION jusqu’a la fin de leur regne et ils s’en iront cacher, comme tous ceux qui etaient la avant eux. Riches comme Cresus, ils resteront des moins-que-rien.

    Maintenant, son seul travail c’est de pouvoir tromper le peuple jusqu’a ramasser eet detourner tout ce qu’il pourra.

  2. mdako an grand pati avew M. Clarens R., men aktyel prezidan pa kapab pote tout chay male piyi sa a ki pa date jodi a. Prezidan an pap ka chanje Ayiti pou kont li, se tout pitit peyi a ki pou pote kole. menm ekip sa a (Michel Martely ak Jovenel Moise) gen yon jiskoboutis egzajere lakay yo, msanti anpil moun ap tann neg so yo echouwe pou yo ka fe kapital politik yo ; yo bliye si se Ayiti kap padi. Mrenmen let sa sa a M. Renois, men mta renmen youn pou opzisyon an tou pou mande yo pou yo plis kwe nan ede tout bon olye se mande yap mande pa yo nan gato a.

    • O pozo sin pa sou.pouvwa mon frère kidonk.main yo lié . Si gen yon responsablemse.moun k de me votém poum ka chanje sa . Se sak fe depiw sou pouvwa yo baw responsab sa kap pase nan peyi a.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.