25 octobre 2026
Haïti — Le CRANS dénonce l’échec de la transition et exige le départ de Fils-Aimé, accusé d’incompétence et de corruption
Actualités Corruption Economie Élections FactCheck Insécurité|Kidnapping Kreyòl Pages d'Histoire d'Haiti

Haïti — Le CRANS dénonce l’échec de la transition et exige le départ de Fils-Aimé, accusé d’incompétence et de corruption

Insécurité et crise de gouvernance : le CRANS réclame le départ de Fils-Aimé et de son équipe

Le Comité de renaissance et d’action nationale pour la souveraineté (CRANS) réclame, dans une note de presse, la démission du Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé et le départ de son équipe politique, auxquels il reproche leur incapacité à protéger la population et à répondre à ses besoins fondamentaux. Opposé à des élections sans garanties sécuritaires et démocratiques, le comité appelle à une nouvelle transition chargée de rétablir l’autorité de l’État, de combattre la corruption et de préserver la souveraineté nationale.

COMITE DE RENAISSANCE ET D’ACTION NATIONALE POUR LA
SOUVERAINETE

CRANS

NOT POU TOUT AYISYEN NATIF-NATAL

Se avèk anpil tristès ak lapenn nou bese chapo nou byen ba pou nou salye kouraj, detèminasyon ak rezistans pèp ayisyen an, ki kontinye kenbe tèt li rèd malgre tout gwo kou li ap pran ak tout manèv k ap fèt pou detwi l ak tout peyi a.

Lè nou konsidere vyolans politik k ap manifeste nan ensekirite, vyòl ak masak; vyolans ekonomik ak sosyal tankou lavi chè, grangou, povrete, lamizè, deplasman fòse, epidemi ak dezolasyon; ansanm ak vyolans moral ak sikolojik k ap kraze lespri timoun kou granmoun, nou pa ka rete endiferan devan trajedi nasyonal sa a.

Lè nou konsidere gaspiyaj, gagòt, detounman lajan piblik, koripsyon ak vòl tounen pratik k ap domine gouvènans peyi a, pandan gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a pa montre kapasite ni volonte politik pou reponn ak bezwen fondamantal popilasyon an;

Lè nou konsidere se menm dirijan sa yo ki kite pèp ayisyen an san pwoteksyon, san manje ak san soutyen, pandan gwoup ame ap masakre, vyole, kidnape epi chase moun lakay yo, pandan gwo kesyon ap poze sou jesyon richès natirèl peyi a, sitou nan kad dekrè 27 mas 2026 la sou kesyon min lan;

Lè nou konsidere akizasyon ak enkyetid ki genyen sou relasyon ant gang ak dirijan ki nan tèt Leta ak kèk aktè politik, kèk sektè nan aparèy sekirite a kote se minisyon Lapolis ak Lame kap alimante Gang yo.

Nou oblije konstate peyi a ap travèse yon gwo kriz sistèm, yon kriz otorite Leta ak yon kriz konfyans. Se menm dirijan sa yo ki kontinye ap fè fas ak gwo akizasyon sa yo, pandan yo vle fè pèp la kwè yon nouvo kalandriye elektoral kapab rezoud kriz la.

Ki jan pou nou pale de eleksyon lib, onèt, kredib ak demokratik lè ensekirite ap vale teren, lè anpil sitwayen oblije kouri kite kay yo epi lè Leta pa kapab garanti sekirite popilasyon an?

Nou pa kont eleksyon, men nou pa kapab aksepte eleksyon san sekirite, san garanti demokratik yo epi san kondisyon pou tout sitwayen patisipe libelibè.

Nou pa kapab aksepte yo sèvi ak pwosesis elektoral la pou pwolonje yon tranzisyon ki echwe, men ki vle konsève privilèj yon ti gwoup epi remete menm aktè ki responsab kriz la sou pouvwa.

Se poutèt sa, nou menm nan CRANS nou mande demisyon Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ak depa ekip politik ki soutni menm pratik ki kontribye nan blokaj peyi a.

Nou mande yon lòt tranzisyon politik ki responsab, konpetan, lejitim epi ki chita sou enterè siperyè nasyon an. Nou pa vle yon lòt Alix Didier Fils-Aimé, yon lòt Garry Conille, yon lòt Claude Joseph, yon lòt Ariel Henry, yon lòt Jocelerme Privert, yon lòt KPT, ni okenn lòt politisyen kowonpi k ap sèvi ak pouvwa pou enterè pèsonèl yo, pou komès politik yo oswa vann peyi a lajan kontan.

Nou vle yon tranzisyon ki kapab retabli otorite Leta, kreye kondisyon pou garanti sekirite, konbat koripsyon, pwoteje richès nasyonal yo, remanbre sosyete a epi mete peyi a sou wout devlopman ak pwogrè. Nou vle yon Leta ki sèvi tout sitwayen, ki bay jèn yo espwa epi ki pèmèt pèp la viv nan lapè ak diyite, san li pa oblije kouri kite peyi li pou al pran imiliyasyon lòt bò dlo.

Ayiti bezwen yon chanjman reyèl, pa yon senp chanjman figi. Eleksyon pa dwe sèvi kòm yon kouvèti pou renouvle vagabon nan tèt Leta a; yo dwe sèvi kòm yon mwayen pou sòti nan kriz la. Se poutèt sa, nou lanse yon apèl bay tout fòs viv peyi a pou yo mete tèt yo ansanm pou konstwi yon altènativ politik ki kapab reponn ak aspirasyon pèp ayisyen an.

AK ALIX DIDIER FILS-AIMÉ, PAP JANM KA GEN ELEKSYON KREDIB’

AK ALIX DIDIER FILS-AIMÉ, PWOBLÈM ENSEKIRITE A PAP JWENN SOLISYON LI BEZWEN AN!

VIV YON LÒT TRANZISYON POLITIK, RESPONSAB, KONPETAN , PATRIYOTIK!

VIV YON AYITI LIB, SOUVREN, JIS E DEMOKRATIK!

POU CRANS :

Marie Antoinette GAUTIER                 Myrtha DESULME

Don ROCHER                              Venise Dubique GUITEAU

Winie Edugène ROBIN                      Philippe LAPORTE

Bastien JEAN

NOT POU TOUT AYISYEN NATIF-2(1)

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.