15 septembre 2026
8èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl nan papòt la
Actualités Culture Kreyòl

8èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl nan papòt la

Sou tèm vizyonè “Kreyòl pale lasyans, lasyans pale kreyòl”, responsab Association FEL Caraïbes yo anonse sou rezo yo 8èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl soti 2 pou rive 6 desanm 2026 la. FEL 2026 la, k ap dewoule an fòma ibrid prezansyèl / vityèl, mete alonè de (2) pèsonalite : ekriven ayisyèn Maude Heurtelou ki pibliye  kat (4) woman ak plizyè santèn liv pou timoun an kreyòl epi ekriven, kontè gwadloupeyen Benjamin Moïse anpil moun konnen sou non Benzo. 

Kreyòl pale lasyans, lasyans pale kreyòl

Atravè tèm Festival Entènasyonal Literati Kreyòl pou lane 2026 la, responsab yo soulinye nesesite pou kreyolofòn toupatou nan mond lan, ki fòme nan yon domèn syantifik kèlkonk antre nan chantye pwodiksyon konesans syantifik nan lang kreyòl. Yo afime byen fò tout moun kapab pwodui konesans syantifik san grate tèt nan lang kreyòl depi li byen konnen domèn li a epi metrize grafi ak prensip lang kreyòl. Mesaj ki akonpanye tèm nan klè : “Kèlkeswa domèn syantifik la, ou kapab apreyande l nan lang kreyòl. Ou kapab  konstui ak pwodui konesans ladan l apati lang kreyòl. Tout disiplin syantifik apreyandab e transmisib nan lang kreyòl. Resèt la fasil : 1- Metrize domèn konesans ou an; 2- Metrize lang kreyòl. « Limit yon lang, se limit moun ki pale lang lan » (Michel – Ange Hyppolite). Kidonk, si kreyolofòn ki fòme nan sosyoloji, antwopoloji, jewoloji, kontabilite, medsin, sikoloji, jeni sivil, administrasyon, agwonomi, ibanis ak amenajman teritwa, ekoloji, ekonomi, syans jiridik… pa fè domèn sa yo pale kreyòl oubyen pa fè kreyòl pale domèn sa yo, se pa lang kreyòl ki limite. Se pa lang kreyòl ki gen limit. Kreyòl pale lasyans, lasyans pale kreyòl !

Akote valorizasyon ak pwomosyon literati atistik (pwezi, woman, kont…) k ap fèt nan lang kreyòl, 8èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL 2026) louvri yon gran fenèt sou pwodiksyon syantifik ki fèt nan lang lan – k ap fèt nan lang lan. Moman ochan espesyal pou etidyan ki fè memwa inivèsite yo nan lang kreyòl. Moman ochan espesyal pou pwofesè ki ankadre etidyan nan kad travay memwa travay akademik yo an kreyòl. Moman ochan espesyal pou Inivèsite ak Fakilte ki ankouraje epi ki, sitou, kreye kondisyon nesesè pou etidyan remèt memwa yo an kreyòl. Moman ochan espesyal pou entèlèktyèl, inivèsitè… k ap pwodui liv ak atik syantifik nan lang kreyòl. FEL, pou yon kreyolofoni syantifik ak yon kreyolofoni literè fètefouni !”

Daprè prezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la, Anivince Jean Baptiste,  menm si tèm festival la ane a mete aksan sou lasyans sa pa anpeche toujou gen fenèt donè ki louvri pou selebrasyon literati atistik nan pwogramasyon evènman an. Li fè konnen tou tèm « Kreyòl pale lasyans, lasyans pale kreyòl » antre danble nan konstriksyon yon « kreyolofoni syantifik fètefouni » FEL ap pwone depi kreyasyon l an 2019 : « Natirèlman, FEL 2026 la ap toujou selebre literati atistik, menm si tèm nan mete fokis sou lasyans. « Kreyòl pale lasyans, lasyans pale kreyòl » pa sèlman yon afimasyon oubyen yon temwanyaj vizyon kreyolofoni syantifik fètefouni Festival Entènasyonal Literati Kreyòl ap pwone depi nesans li an 2019. Men se egalman yon envitasyon pou mete men. Yon envitasyon pou n fè brenn nou ak sèvo nou depase prejije ak lide leve jwenn. Kreyòl pale lasyans, lasyans pale kreyòl se yon envitasyon pou mete men. Mete men pou yon bèl mwason tèks syantifik nan lang nou. Mete men pou n devlope plis vokabilè lasyans nan lang nou. Pwodui yon travay syantifik nan lang kreyòl pa dwe yon liks entèlèktyèl. Pa gen sekrè nan fè kola : konstui teyori, moute tout yon apareyaj konseptyèl apati lang kreyòl mande menm egzijans ak rigè a, menm jan si w t ap fè menm egzèsis la nan nenpòt ki lang lan. 

Li enpòtan pou n di, mizapa espas kote aktivite FEL yo konn abitye feraye (Sant kiltirèl, lekòl, bibliyotèk…), ane a inivèsite yo ap trè prezan nan pwogramasyon an. FEL 2026, pi plis pase anvan, ap yon kolaborasyon san fòskote ant literati atistik ak literati syantifik” nan enterè jeneral lakreyolofoni. Pou fini, n ap raple ankò pa gen sekrè nan fè kola. Depi w metrize domèn konesans ou an, depi w metrize grafi ak prensip lang kreyòl, ou kapab fè kreyòl pale lasyans. Ou kapab fè lasyans pale kreyòl».

Valéry Gerome 

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.