12 août 2026
Konferans deba nan Nò : Bwa Kayiman ap rele nou ankò pou rekipere  souverènte nasyon an 
Actualités Kreyòl Société

Konferans deba nan Nò : Bwa Kayiman ap rele nou ankò pou rekipere  souverènte nasyon an 

14 Out 1791 se yon dat ki grav nan memwa nasyon ayisyen an. Jou sa a, nan kè forè sakre  Bwa Kayiman, zansèt nou yo te rasanble pou fè yon seremoni ki te chanje kou istwa. Se te  yon rasanbleman espirityèl ak politik ki te make kòmansman Revolisyon an. Anba pye Mapou  a, ak limyè dife a ak son tanbou yo, esklav yo te pran angajman pou kraze chenn yo epi bati  yon nasyon lib. Bwa Kayiman pa t sèlman yon seremoni vodou ; li te yon deklarasyon  souverènte, yon chanjman pwen kote lespri rezistans lan te pran fòm epi kote pèp la te deside  li pa t ap aksepte okenn dominasyon ankò. 

Jodi a, plis pase 230 ane apre, siyifikasyon dat sa a rete vivan. Enpak espirityèl ak politik Bwa  Kayiman an se fondasyon menm nasyon an. Li raple nou ke libète pa t tonbe soti nan syèl la ;  li te konkeri nan san, nan inite, nan kouraj ak nan fwa. Li montre nou tou ke batay pou  souverènte a pa janm fini. Chak jenerasyon gen responsablite pou kontinye lit la kont tout fòm  dominasyon, exploitatif, ak pèt dignite nasyonal. 

Se nan lespri sa a ke Mouvman Rezistans Patriyotik pou Rekipere Souverènte Nasyon an ap òganize yon konferans deba nan Grand Nò a. Jou 14 Out 2026 la, egzakteman menm dat  istorik la, konferans lan ap fèt nan Fakilte Dwa Okap la, apati 10 zè

Konferans lan ap anime pa Eddy Lubin ak Stanley Jean Mary (Doudy). Tèm nan se : « Se enpak espirityèl ak politik Bwa Kayiman nan fondasyon Nasyon an epi kijan li ka  enspire jodi a batay pou rekipere souverènte nasyon an. » 

Rasanbleman sa a se yon opòtinite pou nou reflechi ansanm sou leson zansèt yo, pou nou  konprann pi byen ki jan lespri Bwa Kayiman an ka sèvi kòm limyè pou lit jodi a, e pou nou  ranfòse volonte kolektif pou rekipere tout souverènte nasyon an – ekonomik, politik, kiltirèl  ak espirityèl. 

Nou envite tout patriyòt, tout sitwayen Grand Nò a ak tout Ayisyen ki genyen lanmou pou  peyi a, pou yo prezante tèt yo nan Fakilte Dwa Okap la jou 14 Out 2026 la apati 10 zè. Se yon  jou pou nou sonje, pou nou reflechi, epi pou nou aji. 

Bwa Kayiman te limen dife a. Jodi a, se nou menm ki dwe kenbe flanm lan vivan.

Mouvman Rezistans Patriyotik pou Rekipere Souverènte Nasyon an

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.