13 février 2026
AKA lanse ofisyèlman Mwa lang manman 2026 la 
Actualités Kreyòl Société

AKA lanse ofisyèlman Mwa lang manman 2026 la 

Mèkredi 4 fevriye 2026 la, nan lokal li sou Bwavèna, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) lanse ofisyèlman yon mwa aktivite nan okazyon selebrasyon Jounen entènasyonal lang manman k ap rive 21 fevriye pwochen. Pou mwa a, daprè prezidan Akademi an, Akademisyèn Rosilia François Corneille, enstitisyon an « deside limen pwojektè sou travay ak angajman Akademisyen Michel-Ange Hyppolite, gran kònòsò ki pa sispann fè valwa, fè valè lang manman nou nan domèn literati ak rechèch ». La a, nou pote pou ou diskou prezidan an pou sikonstans lan. 

Nan non tout ògàn Akademi Kreyòl Ayisyen, prensipalman nan non Konsèy Administrasyon an mwen gen onè prezide, mwen ap di chapo ba pou tout manm Laprès ki prezan maten an, nan kad lansman seri aktivite pou selebre 26è Jounen entènasyonal lang matènèl nan peyi Ayiti. 

Selebre lang manman gen yon enpòtans kapital pou Akademi Kreyòl Ayisyen. Pou sa, olye nou konsidere sèlman 21 fevriye ki se tradisyonèlman Jounen entènasyonal lang manman, nou prefere konsakre tout mwa fevriye a pou nou selebre lang kreyòl, lang manman nou. Dabò, nou ap raple UNESCO kreye Jounen entènasyonal lang matènèl la nan ane 2000. Se te nan memwa kat (4) etidyan yo te touye nan peyi Bangladèch nan dat 21 fevriye 1952. Yo te touye etidyan sa yo paske yo te pran beton pou manifeste pou yo mande rekonèt Bengali lang matènèl yo, kòm lang

Nan peyi Ayiti, erezman jounen jodi a nou pa nan mennen yon konba ak manifestasyon nan lari  pou Leta rekonèt lang matènèl nou. Men, li enpòtan pou nou poze tèt nou kesyon sa yo: Se vre, depi 1987, Manman lwa peyi a, Konstitisyon an, rekonèt kreyòl non sèlman kòm yonn nan lang ofisyèl peyi a, men tou kòm Lang Nasyonal, sa vle kòm sèl lang ki simante tout ayisyen ansanm. Se menm Konstitisyon 1987 la ki kreye Akademi Kreyòl Ayisyen ki ap sèvi non sèlman kòm gadyen lang Kreyòl la, epi ki ap travay pou ede li devlope  Men jounen jodi a, 

Kijan sa ye nan reyalite administratif enstitisyon Leta yo ? Kijan sa ye nan enstitisyon prive yo? Kòman sa ye nan lekòl yo ? Kijan sa ye nan inivèsite nou yo ki se gwo espas sosyalizasyon ak pwodiksyon konesans? Konbyen bèl sèvo, konbyen talan ak kapasite lekòl ak sosyete a kontinye mete sou ban paske sèlman yo pa ba yo chans pou yo esprime yo nan lang manman yo ki se baz konesans ak fondasyon idantite yo? 

Ane sa a, AKA chwazi tèm sa a :“Kreyòl, lang manman nou: baz idantite ak konesans”. Se tèm Akademi Kreyòl Ayisyen prale  mennen divès aktivite li ap òganize nan kontèks selebrasyon 26èm Jounen entènasyonal lang matènèl k ap rive 21 fevriye pwochen.  Se yon moman pou nou menm, pèp libète, reflechi pi plis toujou epi kontinye poze bon jan aksyon konkrè kont tout kalite zak enjistis lenguistik. Se yon moman pou nou di tèt nou san redi « Kreyòl, lang manman nou , baz idantite nou, baz konesans nou » dwe pran plas li nan lavi fòmèl sosyete a ; e, se nou menm ki pou fè li pran li. « Dwa lenguistik » pa jis yon konsèp. Se yon reyalite ki dwe pran fòm nan kotidyen nou kòm pèp. Respekte dwa lenguistik pèp ayisyen se respekte dwa natirèl chak grenn Ayisyen genyen pou li esprime li nan lang li, pou li jwenn tout sèvis li bezwen nan lang li. 

Pou mwa lang matènèl 2026 la, Akademi Kreyòl Ayisyen deside limen pwojektè sou travay ak angajman Michel-Ange Hyppolite, yon Akademisyen, yon gran kònòsò ki pa sispann fè valwa, fè valè lang manman nou nan domèn literati ak rechèch. Akademisyen Michel-Ange Hyppolite, nou renmen rele sou non vanyan « Kaptenn Koukouwouj » se yon vrè kapitèn nan lanmou ak pasyon li mete pou devlòpman ak anrichisman lang ak literati kreyòl. Lè AKA dedye mwa lang matènèl 2026 la pou Michel-Ange Hyppolite, se yon envitasyon pou li ankouraje chak moun li, epi reli bèl chelèn travay literè potorik gason sa a tanmen depi plis pase 40 lane. Lè nou di Kaptenn Koukouwouj, nou wè liv tankou : « Istwa pwezi kreyòl Ayiti », esè li pibliye nan Educa Vision nan lane 2000, ki se jisteman premye travay nan sans sa a ki fèt sou literati natifnatal la. Nou wè « Lèt Ife ak Soul », kòm premye liv lèt literati kreyòl, li soti an 2006 nan edisyon pwodiksyon koukouy. Kaptenn se « Leksik Atlas Kò Moun », premye liv anatomi, nan dimansyon sa a, nou konnen nan lang kreyòl. Nou wè tou plizyè rekèy powèm ak atik nan lang lan, sou lang lan ak sou literati lang lan. Kiyès ki ka oze pale de Kaptenn Koukouwouj san pale de Sosyete Koukouy kòm pi ansyen Mouvman literè ak kiltirèl ayisyen k ap fonksyone toujou? Li enpòtan pou nou raple Sosyete Koukouy fèt soti selebre 60è anivèsè kreyasyon nan mwa desanm 2025 la.   

Jodi mèkredi 4 fevriye 2026 la, Akademi Kreyòl Ayisyen lanse ofisyèlman Mwa lang matènèl la  sou tèm «Kreyòl, lang manman nou: baz idantite ak konesans ». Nou ap genyen pou nou make mwa sila a atravè tout yon ploton aktivite nan lekòl, nan bibliyotèk, espas kiltirèl, an prezansyèl kou an liy. Nou ap genyen pou nou onore Akademisyen Michel-Ange Hyppolite, atravè travay ak angajman li pou lang lan, pandan tout mwa fevriye a. Nou envite tout sosyete a, prensipalman lekòl ak inivèsite yo, anbake. 

Batay la pa fasil. Men nou ap kontinye lite. Pi gwo espwa nou nan AKA, yon jou va jou kote tout lespri va debade pou voye tout lyann ak lasi esklavaj nan sèvo jete. Pou lespri libète nan respekte dwa lengwistik tout Ayisyen va danse nan tèt tout Ayisyen, kèlkeswa kote yo ye sou planèt la. Se lè sa a nou va di tout bon : Ayiti, yon peyi, yon lang, yon pèp ki gen yon idantite epi ki ap mache men nan men sou chemen konesans inivèsèl, gras ak lang kreyòl li, baz idantite li, baz konesans li.

Respè dwa lengwistik pèp ayisyen se yon konba pou yon pèp vanyan.

Mèsi anpil.   

Rosilia Francois Corneille

Prezidan AKA

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.