2 décembre 2025
Festi Mizik Nòdwès : Premye nòt yon melodi lespwa pou mizik lokal
Actualités Culture Kreyòl Musique

Festi Mizik Nòdwès : Premye nòt yon melodi lespwa pou mizik lokal

Nan yon reyalite kote mizik toujou sèvi kòm vwa pèp la, kòm zouti revandikasyon, relijyon ak terapi, Festi Mizik Nòdwès parèt tankou yon repons vivan ak otantik kont silans kiltirèl ki souvan anvayi depatman Nòdwès la ki lwen kapital la. Se nan lide mete plis limyè sou kreyativite atis lokal yo epi bay mizik la plas li merite nan rejyon an, inisyativ sa a pran nesans nan sousi pou kontinye konekte tout djaz yo epi kenbe diskou ki di MIZISYEN SE YON SÈL KÒT FANMI an. 

Premye edisyon an, ki te fèt nan kad selebrasyon fèt Sent Sesil, patwon mizisyen yo, se pa t sèlman yon festival, se te yon deklarasyon, yon jès lespwa, epi pi plis, yon apèl pou valorizasyon eritaj k ap rejyon an.

Yon pwojè ki te pran anba lidèchip KAYANO, yon estrikti angaje nan mete kilti a anjeneral nan sèvis devlopman kominotè. Malgre limit finansye ak baryè lojistik, KAYANO pa t dekouraje. Li te rive mobilize plizyè jazz lokal ak gwoup, tankou Brother Joe Band, Imaj Mizik nan Latoti, Jazz La nan Mòl Sennikola, Nostal J #1 nan Jan Rabèl, Kazi Mizik ak Sinik Mizik.  Tout deside mete tèt ansanm pou soutni kokennchenn melodi lespwa sa a.

Gras ak kèk patnè lokal tankou ParyajPam, Shekina Meli-Melo ak CAPOMAR, samdi 22 novanm, Royal Tropical te tounen tanp mizikal kote yon ekip moun te rasanble pou viv eksperyans premye edisyon Festi Mizik Nòdwès la. Malgre li te fèt nan yon kad ki chanje senplisite, atmosfè a te chaje ak pasyon, talan, ak yon lanmou otantik pou mizik.  

Se yon aktivite ki pa t gen ladan sèlman festival ak sware mizikal, men tou refleksyon sou avni mizik nan rejyon an, atravè konferans ak echanj ki vize bati rezo ak estrateji pou avansman mizik lokal.

Premye edisyon Festi Mizik Nòdwès se pa t jis yon evènman kiltirèl; li te yon zak angajman, yon flanm espwa ki limen nan kè tout atis ak patisipan ki kwè nan valè mizik lokal la. Li montre klèman, menm ak ti mwayen, se vizyon, solidarite ak detèminasyon ki ka mete aksyon kanpe. Se pa te kantite lajan ki te defini siksè festival la, men volonte pou mete ansanm epi mete mizik Nòdwès la sou map la.  

Nan kontèks kote kilti nou ap lite pou l pa chavire, Festi Mizik Nòdwès vin pote lespwa yon renesans sonò, yon platfòm pou jèn talan epi yon apèl pou tout aktè angaje yo kontinye sipòte kilti ayisyèn lan, espesyalman nan rejyon yo ki souvan neglije.  

Randevou a deja pran pou pwochen edisyon an, ak plis fòs, plis inisyativ, epi plis mizik ki pale rasin nou.

Lakilti se ne nanm ak siman ki simante yon pèp, n ap kontinye envesti ladan l.

Jamesky Jeanty, Rèldouvanjou.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.