NÒT POU LAPRÈS
Objè : Denonsyasyon zak kriminèl kont Sitwayen Wisly Daniel
Dat : 10 septanm 2025
Nou, fanmi ak pwòch Wisly Daniel, ansanm ak sitwayen angaje nan kominote Saint Louis du Nord, ap leve vwa nou pou denonse ak tout fòs zak vyolan ak inakseptab ki fèt sou li nan dat 9 septanm 2025 jouk li rive mouri sou kabann lopital, ozalantou 8 è nan maten.
Wisly Daniel, yon kiltivatè, papa 9 pitit, viktim yon atak ak zam Me Selan Odelus, yon avoka ki abite nan menm kominote a. Zak sa fèt nan kad yon konfwontasyon vèbal kote Mesye Odélus, daprè temwayaj, te rale zam li epi tire sou viktim nan jouk li rann dènye soif li. Wisly se yon sitwayen onèt ki pa t gen okenn istwa vyolans. Jaden li sete sèl sous revni li.
Nou konsidere zak sa kòm yon krim grav ki menase sekirite tout sitwayen. Se pa premye fwa non Mesye Odelus site nan konpòtman menasan ak zam. Nou pa ka kontinye viv nan yon sosyete kote lwa forè ranplase lalwa Leta.
Nou mande:
1- Ouvèti imedya yon ankèt legal pa otorite konpetan yo;
2- Pouswit Me Selan Odélus paske nou aprann li deja rann tèt li bay lajistis;
3- Pwoteksyon pou fanmi viktim nan ki santi yo menase;
4-Jistis pou Wisly Daniel.
Nou envite laprès, òganizasyon dwa moun, ak tout sektè responsab nan sosyete a pou pote je sou dosye sa, paske jodi a se Wisly, demen li ka nenpòt moun.
Jistis pou Wesley Daniel se jistis pou tout kominote a.
Moun ki siyen nòt sila se Fanmiy viktim lan:
DANIEL & SAKS : Sitwayen Angaje nan Komin Saint-Louis du Nord.