Avan nou antre nan analiz mizik “Fidèl”, mwen vle rann yon omaj espesyal ak respè a gwo chantè ki ale kite nou, Gary Didier Perez. Li te yon chantè ekstraòdinè, yon pyonye nan premye jenerasyon Zenglen, ki te ede bati fondasyon gwoup la. Mwen ekri ti tèks sa a pou mete an valè dimansyon mizik “Fidèl” ke li te chante, epi montre kijan mizik la reprezante pa sèlman danse, men tou eritaj, idantite kiltirèl, ak vwa jenerasyon yo.
Mizik ayisyen, sitou konpa, toujou te plis pase yon fòm amizman: li se yon zouti memwa kolektif, yon zèv rezistans, e yon mwayen pou kominote a konstwi idantite li. Nan chante “Fidèl”, gwoup Zenglen pa sèlman fè moun danse, men yo mete sou pawòl yon refleksyon pwofon sou tansyon ki genyen ant tradisyon ak inovasyon, ant jenerasyon ki sot pase yo ak jenerasyon ki vini apre yo. Chante sa a vin tounen pi gwo klasik albòm “An Nou Alèz”, epi li sèvi kòm yon manifès jèn jenerasyon, yon deklarasyon pou eksprime libète, idantite ak kreyativite.
Zenglen se youn nan pi gwo gwoup konpa dirèk ki make mizik ayisyen depi ane 1980 yo. Gwoup la te fonde an 1989 nan Delmas, Ayiti. Premye jenerasyon mizisyen yo te enkli: Brutus Dérissaint, Gary DidierPerez de Regrette Memwa, Patrick Martineau, ansanm ak lòt jèn mizisyen ki te vle pote yon son nouvo nan konpa.
Yo te fè premye gwo enpak yo ak albòm “An Nou Alèz” (1990), ki te mete Zenglen sou kat mizik nasyonal la epi etabli yo kòm yon gwoup ki konbine tradisyon ak inovasyon nan konpa.
Nan ane 1990 yo, gwoup la vin pi plis ranfòse ak antre Jean Richard Hérard (Richie) kòm maestro, konpozitè ak Aranjè epi Gracia Delva, Nikenson Prud’homme. Richie pote yon vizyon sofistike: konpa plis estriktire, ak aranjman ki konbine lanmou, reyalite sosyal, ak mesaj idantitè. Se nan liy sa a chante “Fidèl” ap plase: kòm yon deklarasyon idantitè ki mare mizik ak kilti, pandan li reprezante vwa jenerasyon ki pa t gen libète pou eksprime tèt yo pandan diktati Jean-Claude Duvalier.
Chante a sòti nan yon epòk kote Ayiti te sot ranvèse Jean-Claude Duvalier sou pouvwa an 1986, apre plizyè dizèn lane kote opinyon piblik te limite epi moun pat lib pou eksprime tèt yo. Mizik vin tounen yon espas kote jèn yo kapab eksprime libète, refleksyon sou lavi, ak rezistans kiltirèl. Nan epòk sa a, pèp la ap lite pou estabilite politik pandan li fè fas ak chomaj, ensekirite, ak migrasyon masiv.
Nan nivo kiltirèl, jenerasyon mizik ki te mache ak Sicot ak Nemours Jean-Baptiste te kwaze ak yon jenerasyon ki t ap chèche fè pwòp vwa li tande. Konpa, kòm “mizik peyi a”, t ap sibi presyon chanjman: nouvo son, enfliyans entènasyonal, tandans modènizasyon ki pa toujou te byen aksepte pa granmoun yo. Se nan kontèks sa a chante “Fidèl” parèt kòm yon pòte pawòl jenerasyon, ki respekte eritaj konpa pandan li pran nouvo chimen.
Refren “Se konsa lavi a ye / Lè ou vle met chanjman, rezistans tèt chaje” mete nannan mesaj la anvan je nou: lavi se mouvman, men tout mouvman jwenn opozisyon. Zenglen rekonèt eritaj granmoun yo (fanatik Sicot, Nemours), pandan yo pwoklame dwa jenerasyon yo genyen pou trase pwòp wout yo.
Se yon dyalòg ant tan pase ak prezan, kote memwa kolektif konpa a pa efase, men sèvi kòm pilye pou bati yon nouvo direksyon. Yon lòt pwen fò nan chante a se fidèlite ak rasin kiltirèl:
“Sa k’ pou pran m pou m bliye music peyi mwen… Sa k’a pran m pou m bliye culture pa mwen”
Pawòl sa yo mete aksan sou nati Kongo ak Nago kòm baz idantitè, yon apèl pou rete kole ak rasin afriken ki konstitye fondasyon mizik ayisyen.
Chante a sèvi tou kòm yon apèl pou inite ak lajwa: “Ban n lajwa toulèjou ki pe mennen nou ale lwen”. Nan yon peyi ki souvan ap travèse kriz, mizik la se yon fòm terapi kolektif, yon fason pou n “simen lajwa nan kè tout moun”. Fidèlite ak modesti yo repete nan chante a pa senpleman yon valè moral, men yon estrateji pou kenbe lyen ak pèp la, menm lè gwoup la fè eksperyans lòt kiltir atravè fwontyè.
Pami tout chante nan albòm “An Nou Alèz”, “Fidèl” tounen pi gwo klasik li genyen, paske li mare tout eleman ki fè Zenglen inik: fidèlite ak eritaj konpa, inovasyon ritmik, pawòl ki reflechi sou lavi, jenerasyon ak idantite kiltirèl. Chante sa a vin tounen yon referans obligatwa nan repètwa konpa dirèk, selebre pa fanatik depi premye jou li sòti, epi kontinye sèvi kòm modèl stil ak mesaj pou lòt jenerasyon mizisyen ki ap vini.
“Fidèl” se plis pase yon mizik: se yon tèks literè, yon chantaj filozofik sou lavi, yon refleksyon sou tansyon jenerasyonèl, ak yon apèl pou kenbe yon idantite kolektif. Avèk chante sa a, Zenglen pwouve pozisyon yo nan listwa mizik ayisyen kòm youn nan gwoup ki pi fidèl ak eritaj konpa a, pandan yo pote inovasyon pou jenerasyon yo. Se poutèt sa, “Fidèl” rete yon klasik endispansab nan listwa konpa, yon manifès jèn jenerasyon, epi yon pati entegral nan memwa pèp ayisyen.
James SAINT GERMAIN
Sociologue