Si bann kalte privilejye sa yo k ap plede fè ti kriye konsa te konn separe vre, depi lontan peyi nou an t ap gentan lwen nan zafè viv ansanm, tèt kole pou n vanse pou pi douvan, sitou pou sila yo k ap bat dlo pou fè bè depi dikdantan. Se kou bagay la pa bon pou yo, y ap vin plenyen. Epi yo toujou ap parèt tèt yo kòm pitit pèp la. Alòske se pa vre. Mantò wi!
Li lè li tan pou jan de moun sa yo pa pran veritab pitit pèp la pou nèg sòt. Tout moun konnen se paske bagay la malouk malouk nan peyi a ki fè yo tout ki t ap kraze peyi a sou pouvwa yo a blije kouri kite Pòtoprens, tè manman yo ak papa yo, kote yo t ap fè e defè, pandan malere ap pase tray anba grangou kloròks.
Jodi a bwa a mare pou yo, yo kwè yo kab vin blofe moun! Sèl yon bann ti sèvèl, ti tèt pete, ti sousou, ti restavèk, ki pou desann figi yo devan yo. Moun ki kab kenbe eskanp figi yo pa p janm chita sou diyite yo pou aksepte yon bann ti-leve-tou-jwenn vin fè ti kriye pou yo pran pitye pou yo. Yon nèg ki pa pè deklare li deploge kouwan yon lòt dyaz ki pwal jwe aprè dyaz pa l la fin depoze nan yon bal, moun konsa pa pote lòt non: bandi! Vye zak konsa se zak bandi!
Andedan moun k ap fè koze mizik ayisyen yo ta sanble chaje bandi. Fwa sa a, youn nan bandi sa yo parèt tout tèt li, e li montre l fyè nan awogans li. Se kat didantite jan de ti privilejye sa yo menm wi, awogans se bagay ki andedan sèvo yo, se youn nan vye bagay yo aprann kote yo leve depi yo ti katkat, kote y ap fè ti malere ak ti malerèz pase mizè pou senk kòb.
Se vre, koze koulè po a, se yon gwo koze ki mande anpil atansyon, lè n vle manyen l. Men, tout moun ki gen tèt ap konprann aklè depi koumansman listwa peyi d Ayiti, kalte moun sa yo toujou kwè yo siperyè tout nèg ki pa sot nan menm moul ak yo. Epi yo jwenn yon bann ti pantan, yon bann ti soufri ki toujou ap fè yo konprann sou zile a se yo ki mèt e seyè. Yo toujou vle montre peyi a rele yo chèmèt chèmetrès. Menm lè yo « pa konn a nan fèy malanga », yo toujou kwè yo anlè tout moun, sitou anlè pitit pèp la ki pa janm sispann debwouye yo kou mèt Janjak pou rive fè yon jan pou wòch nan dlo yo konn doulè wòch nan solèy tout bon vre.
Nou pa p pi long non. N ap fini pou n di li lè li tan pou n denonse jan de awogans sa yo yon kalte moun nan peyi a, tout koulè se vre, men sitou sila yo ki kwè yo kab fè sa yo vle, jan yo vle, lè yo vle, san yo pa kondane yo pou sa. Li lè li tan pou n di ase ! Bagay yo pa kontinye konsa jan yo prale la !
Yon mizisyen pa gen dwa deploge, dekonekte yon dyaz rival, pou kraze bal li, nan fè gwo gòj an plis. Koze pa vle jwe anvan an pa pèmèt kalte vye zak bandi sa yo fèt nan boul figi nou la konsa, epi pou n kanpe ap gade l san n pa di anyen. Nou dwe rele chalbari dèyè bandi sa yo, fè yo pran men yo, pou yo jwenn respè nan men piblik la ki vle pran ti plezi l san kase tèt. Revandikasyon yo, diskisyon yo, batay la dwe fèt pwòp, san fòs kote ! San zak bandi ki montre nou aklè jan de vakabon mizisyen sa yo pa pè anyen depi se koze lajan k ap pale !
Si jan de awogans bann ti privilejye sa rive fèt san pèsonn pa di anyen, avèk yon bann tisousou k ap kore yo nan betiz yo a, se paske yo konnen y ap toujou gen enpinite nan milye kiltirèl tankou nan sosyete nou an. Tankou sa fèt depi koumansman listwa peyi nou. Se sa k fè yo ka fè l san kè sote, epi vin jwe bal nan figi moun kòm nèg de byen, nèg gwo fanmi mizisyen, nèg pitit pèp. Mannigèt !
Li lè li tan pou sa sispann!
Wi, fòk sa chanje!
Peter James-Harrisson