AYITI KOUPE FACHE: KWONIK #29
Deklarasyon Batay Ouvriye Premye Me 2025
PREMYE ME, se Jou Komemorasyon Lit Travayè nan lemond. Se yon joutout travayè ki anba dominasyon ak esplwatasyon sistèm peze souse kapitalis la òganizè aktivite oswa mennen de aksyon pou yo denonse tout kalite enjistis sosyal y ap sibi, esprime tout revandikasyon yo genyen epi wè ki lit pou yo mennen pou sòti anba move sitiyasyon y ap fè fas jodiya.
PREMYE ME 2025 la mete nou anfas yon kokenn latwoublay ki se ENKYETID ak ENSÈTITID akòz kriz estriktirèl sistèm kapitalis mondyalla ladanl ki pote yon van lagè ak tansyon jeyopolitik epi gwo kriz politikpeyi nou Ayiti ap fè fas a yon leta ki pa menm ka bay sekirite ak defannsouverènte peyi a.
Gen enkyetid ak ensètid sou jan lemond antye boulvèse ak gwo goumen ki genyen ant peyi enperyalis yo pou youn gen ejemoni a. Kidonk, pou younka ekzèse dominasyon li nan gen kontwol politik, militè, ekonomik akideyolojik sou lòt peyi. Lè n konsidere kòman gouvènman ameriken an ap pran mezi tankou pou monte tarif ladwan diset wotè sou divès peyi ki nanrelasyon komèsyal ak li oswa li pran desizyon pou mete men sou richèsnatirèl lòt peyi pandan l ap krache sou souverènte ak otodetèminasyon pèpyo genyen nan objektif pou mete yo anba bòt enperyalis meriken yo. Tout inisyativ sa yo mete nou nan wout yon lagè ant gwo pyisans enperyalis yok ap gen gwo konsekans sou tout pèp sou latè.
Kanta pou peyi nou Ayiti, n ap viv yon gwo kriz k ap detwi lavi nou kòmpèp, kòm nasyon. Sitiyasyon ekonomik nou ap fin dekrenmen. Chak jounou leve, se nan gwo fè nwa nou ye pou nou jwenn yon travay k ap pèmètnou manje, okipe tèt nou ak fanmi nou nan yon kontèks kote bandikriminèl ap simen laterè kote yo prèske fin gen kontwol peyi a. Sa semenmsi gen de pòch REZISTANS k ap goumen kont yo. Fòs lapolis aklame montre yo pi fò nan kraze mobilizasyon mas popilè yo k ap mandesekirite ak lavi ke kwape bandi teworis yo. Se nan gwo kalite ENKYETID ak ENSETITID nou ye nan peyi nou Ayiti.
Bò pa ouvriye nan sektè tekstil la, se gwo ENKYETID ak ENSETITID tousou si l ap kontinye ekziste pou bay jenn fanm ak gason travay pou yo ka kenbe. Renouvèlman Lwa Hope la pako klè pandan dat ekspirasyon li se mwa septanm 2025 la. Nan izin yo, se rediksyon pèsonèl, sispansyontanporè repete apre divès izin fèmen pòt yo. Tou sa mete nou nan yonenstabilite ekonomik tèt chaje. Sa fè plis ke 3 lane salè nou
…