MONSEYÈ COLIMON : YON TEMWEN LAVERITE
︎Se Lespri Bondye a menm ki te kondwi Monseyè Colimon sou chimen Verite a
Jodia n ap viv nan yon mond kote chimen Verite a vin mwens pratikab, men Monseyè Colimon te oze mache jiskobou nan chimen sa a gras ak lafwa li nan Bondye. Tankou yon tibebe, li te fè l dosil nan bra Bondye, sila a ki te sèvi l gid sou chimen an.
Chimen Verite a envite tout moun pou yo viv nan lonètete, pou yo pratike jistis epi pataje lanmou youn pou lòt. Moun dwe chèche pratike Verite a nan tout aspè lavi yo. Chimen Verite a bay tout sa ki makonnen ak volonte Bondye lavi. Gen moun ki kwè ke chimen sa a mennen Monseyè toudwat nan sentete a. Paske Granmèt la fè sèvitè l lagras pou l sanble ak Li. Ala yon bèl mèvèy pou nou menm, mouton l yo !
︎Monseyè Colimon pat pou kont li sou chimen an
Pèsonn pa ka fè chimen Verite a pou kont li. Se patisipasyon lòt moun, ak tout sa Bondye kreye ki rann chimen sa posib. Paske se kòtakòt, tèt ansanm, men nan men pou n rive bout nan Verite a.
Monseyè Colimon te gen yon pil ak yon pakèt lanmou nan kè l pou moun, sitou sila yo ki pòv nan sosyete a, nan peyi Dayiti ak nan Legliz Jezikri a. Angajman li pou jistis te manifeste nan efò pou tout moun, espesyalman pi fèb yo, jwenn plas yo anndan sa nou rele jodi a Kominote Latè a, epi santi yo gen valè kòm moun Bondye kreye sanble avè l. Se nan fason sa a, Monseyè te kore epi sipòte legalite dwa moun ak pwoteje tout kreyasyon an ki se zèv Bondye. Lavi l se te yon sous dlo kap koule san rete, ki manifeste prezans Bondye ki toujou la. Li te pratike konpasyon pou bay tout pitit Kominote Latè yo san distenksyon lajwa ak konsolasyon.
︎Monseyè Colimon te sèvi Verite a temwen sou tout chimen an
Monseyè Colimon se te yon egzanp sèvis, yon modèl lanmou, yon temwen Verite pou anpil moun. Li te montre kijan lanmou ak lonètete ka aplike nan lavi moun chak jou. Angajman l pou lafwa ak lajistis te enspire anpil moun nan dyosèz li, toupatou nan peyi l kòm sitwayen/kretyen ayisyen ak lòt kote nan peyi etranje. Jounen jodi a, li rete yon referans pou tout moun k ap chèche viv yon lavi senp ki makonnen ak valè familyal ak sosyal, prensip moral, evanjelik ak espirityèl. Reyèlman vre, chimen ki trase sou valè ak prensip sa yo mennen toudwat nan Verite a.
︎Temwen Verite a jwenn plezi nan senplisite ak nan imilite
Vrèman, Monseyè Colimon se yon temwen ki te viv nan senplisite ak imilite. Li pa sèlman enpòtan pou moun ki te viv avè l, men pou tout moun k ap chèche Verite a ak lavi ki pap janm sispann boujounen an. Paske lavi l se yon mesaj vivan ki bay temwanyaj sou Verite a.
Youn nan anpil bagay ki fè Monseyè Colimon espesyal, se kapasite l te gen pou l pratike leson l aprann nan Verite a, san l pa fè okenn bri. Lavi l montre nou ke temwen Verite a pa nan fè grandizè, ni l pa danse kole ak fè wè. Li kite Verite a pale nan li, se sa ki pi enpòtan.
Monseyè Colimon kite eritaj pou nou, nan chante l konpoze, pandan l di pawòl sa yo :
« Temwen Verite, yo pa konte l, se peze yo peze kalite l yo ; Temwen Verite, yo pa konte l, se peze yo peze kisa l vo. Se lafwa l ki pèmèt deklare sa l vo. Li pa pran pòz li plis pase lòt ; Li pale Verite nan tout sa l ap di ; Li fè wout pou l bay lòt yo pase… »
Nan prije lavi Monseyè Colimon, nou jwenn ji lanmou ak verite, jistis ak lapè. E se sou balans sa yo, nou peze kalite l, li menm ki se yon temwen konsekan Verite a.
Nan yon sosyete kote anpil moun p ap chèche lòt bagay ke avantaj pèsonèl yo, Monseyè Colimon bay egzanp ke pi gwo garanti l se rete kole sou Granmèt la nèt ale nan travay pou jistis. Li montre jiskobou kouman lafwa ki mande n pou rann jistis la ka remanbre moun ki bwate epi rann anpil bagay enposib vin posib. Wi, lafwa nou se fòs nou nan mitan gwo van ak tanpèt n ap viv jounen jodi a.
_____________________________________________
Powèm : Temwen Verite
Menm nan tray, temwen Laverite yo klere tankou zetwal lannwit,
Yo pa ka konte yo, men valè yo byen peze.
Lafwa a se limyè ki klere sou chimen lavi nou,
Ki fè n wè Verite a klè, pou lavi n pote kè kontan.
Menm nan move tan, n ap wè solèy la blayi sou lavi nou;
Nou pa ka sove pou kont nou, Verite a la pou l pote nou sekou.
N ap ka mache ansanm, menm nan fènwa,
Pou n di verite a, e kè nou pap janm sote.
Nan batay lafwa a, temwen Bondye yo tankou poto mitan, yo kenbe djanm,
Vwa yo pa janm febli, yo pa janm pèdi e yo pap janm peri.
Lafwa fè yo vin pi fò, paske kè yo toujou panche sou kè Granmèt la,
Pou pwoklame Verite a, pou maryaj lapè ansanm ak lajistis pote laviktwa.
©️ Maïkalie Jean-Louis