25 septembre 2025
Migrasyon Ayisyen Ozetazini
Actualités Kreyòl Société

Migrasyon Ayisyen Ozetazini

Kesyon imigrasyon an se yon aspè ki toujou nan kè reyalite eksplwatasyon epi li lye a nesesite transfè mendèv pou eksplwatasyon Ozetazini.  Li gen plizyè dimansyon ladan l. Petèt, dimansyon migrasyon nan peyi Etazini ki plis ap vegle je nou se dòz frekansite otorite meriken yo pa janm menaje imigran ak refijye ki vin fè ladesant nan peyi a. 

Depi ewopeyen yo, sitou anglè konkistadò yo te fin tabli dominasyon yo sou teritwa sa a, ak kout zam fann fwa, se yon maswife san san limit y ap fè lòt kategori moun ki vini, tankou yo, monte. Ayisyen se, san di petèt, youn nan kategori nasyonal ki sibi plis imilyasyon frekansite ak imanite defalke yo Ozetazini. Pa gen fason pou n ta ka rakonte tout mizèrere ayisyen ap sibi anba bòt fere zotobre djòl alèlè meriken. Men, kèk egzanp ka ba nou yon lide sou reyalite makawon yo sitou rezève pou ayisyen yo. Nan fen ane 70 yo, (gouvènman) gwoup dominan meriken yo te lage vèni botpipol sou do ayisyen yo; nan koumansman ane 80 yo, gwo zouzoun nan peyi a te pake ayisyen yo nan kan Kwom-Miyami; nan fen ane 80 yo, rasis meriken yo te kole etikèt Sida-4H sou lestomak ayisyen yo; nan mitan ane 90 yo, enperyalis meriken yo te fèmen ayisyen yo nan baz Gwantanamo nan kondisyon malouk. … An jeneral, pou ti krik ti krak, se pa pil e pa pakèt otorite meriken yo depòte ayisyen. 

Anba vant tout kalite move jan ak malfezans gouvènman meriken yo kont ayisyen se mak fabrik rasis e volonte dezimanizasyon (demounizasyon) klas dominant peyi sa a nou toujou jwenn. Moralite, desans ak sans imanite toujou absan istorikman nan konpòtman dirijan meriken sa yo vizavi Ayisyen.

Frekansite, foulay ak ensansiblite makawon ayisyen yo sibi ak plis degou se katafal toya ki soti anba lang sal Trump. Natirèlman, nan pwen moun ki moun tout bon ki p ap kondane konpòtman manke dega sa yo. Men tou, san rezèv, tout ayisyen, tout pwogresis dwe kritike mak fabrik dechèpiyay ak ipokrizi politik migrasyon enperyalis meriken yo. Epi nou dwe denonse matrakaj ak eksplwatasyon travayè imigran ayisyen ap andire anba men yo. 

Otan nou dwe monstre anfas konpòtman bourik ak ensiltan yo, otan tou, nou dwe pran san n pou n analize nannan pwosesis migrasyon an nan kontèks dominasyon ak dechèpiyay enperyalis meriken an sou Ayiti. Eksperyans diskriminasyon k ap dekonstonbre fyète ak entegrite ayisyen yo, lakay yo Ayiti kou Ozetazini, se sentòm yon sistèm kapitalis enperyalis devantray, rayisab ak chichadò k ap souse travayè jouk nan mwèl epi lage yo nan kouri. 

Imigrasyon ki blayi tribò babò sou planèt la dirèkteman konekte ak ansyen piyaj kolonyal esklavajis ewopeyen yo mete ak nouvo dechèpiyay ak dominasyon enperyalis yo ap fè sou peyi domine yo nan sid global la. Se paske machin eksplwatasyon kapitalis sa yo depatcha resous peyi domine yo epi kontinye deranje pwosesis gouvènans yo ki fè pèp peyi sa yo antere nan twou lamizè. Se Kriz ekonomik ak sosyo-politik ayisyen yo ki anrasinen nan entèferans, mannigans politik ak eksplwatasyon kapitalis meriken an k ap plede fòse sitwayen ayisyen yo kite peyi yo pou al travay pou patwon meriken yo toupatou depi ane 1920 yo. 

Sou yon lòt bò, anpil moun  ap debake pa pil e pa pakèt nan peyi kapitalis enperyalis yo, se paske se lakay yo pifò fòs pwodiktiv mond lan konsantre. Akimilasyon ak monopòl kapital mond lan, k ap gonfle a gran lijyèn nan peyi enperyalis yo pandan y ap deplimen peyi domine yo. Se 2 fas yon menm meday, de moman depaman – kontradiktwa – nan yon menm pwosesis k ap rale fòs travay mond lan nan direksyon yo. Se sitiyasyon fòs kote anfavè enperyalis yo ki esplike ayisyen yo ap debake san pran souf Ozetazini. 

Lè meriken yo ap fè imigrasyon responsab yon bann pwoblèm sosyete debalanse yo a, se yon fason pou richès, piyay y ap fè toupatou pandan y ap fasilite enjistis ak inegalite san limit jèmen ak donnen nan sosyete yo a. Se yon fason tou pou yo maske aspè pwofi maksimòm ak konfiskasyon richès sosyal antrepriz kapitalis yo ap jwi. Tout sa, gras ak travay imigran yo k ap sibi eksplwatasyon pete vantrès kapitalis yo, san pran souf. 

Pandanstan, nan sans sa a, kolonn imigran ki debake Ozetazini yo, se yon nesesite pou vansman ekonomi meriken an. Si gen yon pèsistans nan frekansite meriken yo kont travayè ayisyen ansanm ak tout lòt ouvriye etranje, se paske chèf meriken yo vle kreye laperèz ak panik nan mitan imigran yo pou pèmèt kapitalis meriken genyen plis kontwòl sou fòs travayè yo nan kè divizyon travay yo tabli yo. Li kreye divizyon tou ant travayè san papye ak sa ki gen dokiman legal.

Yon lòt bò, nan ka Ayiti a, imigrasyon an se tou yon repons pèp la anfas  dezòganizasyon e devantray ekonomi peyi a, sou presyon meriken ak alye lokal yo, pandan soutretans ap donnen men nan men ak devègonday politik enperyalis meriken ak klas dominant lokal yo ap alimante. Se vye politik pèpè, sou lobedyans meriken yo – koumanse ak plan neyoliberal la – ki, anpati, trennen n nan migrasyon akselere dènye ane yo. 

Kidonk, kèlkonswa jan nou gade reyalite ayisyen yo, Ayiti kou Ozetazini, nan kè denominatè komen mizèrere yo, nou toujou jwenn eksplwatasyon ak opresyon meriken yo. Si travayè ayisyen blije adopte fòmil migrasyon Ozetazini, meriken gen anpil arevwa nan sa. Yo gen yon reskonsablite pou yo akomode ayisyen ki lage pye yo pou yo chwe Ozetazini. E, ayisyen sa yo gen yon dwa, e menm yon devwa, pou yo imigre Ozetazini, toutotan peyi yo anba grif malfini-votou sa a. Yo gen yon obligasyon pou yo batay pou rete nan peyi Etazini, toutotan pwa enperyalis la ap krabinen lakay yo ann Ayiti. Epitou, dapre konvansyon entènasyonal dwa imen, tout refijye gen dwa mande azil nan kèlkeswa peyi l ale a, alewè pou yon peyi tankou Etazini kote gouvènman meriken yo nan kè tribilasyon pi fò pèp sou latè. Anplis, se pa nou ki sou do bèf la, se bèf la ki sou do nou!

Solidarite ant tout travayè enpòtan anpil pou denonse enjistis travayè imigran ap sibi. Defans dwa travayè imigran se defans dwa tout travayè. 

Travayè toupatou, ann met tèt ansanm!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.