15 juin 2024
Yon fòmasyon sou aktora relanse twoup teyat Tanbou – Literè a
Actualités Culture Société

Yon fòmasyon sou aktora relanse twoup teyat Tanbou – Literè a

Madi 30 avril 2024 la, Komedyèn Michelle St – Félix, sou envitasyon Association FEL Caraïbes, òganize yon fòmasyon sou aktora nan Kolèj Saint – François d’Assise. Plis pase yon dizèn jenn fanm ak jenn gason te patispe nan aktivite sila a Asosyasyon an reyalize nan kad pwojè PBF – Infrastructure de Paix, ak sipò Ministère de la Culture et de la Communication, Haut-Commissariat des nations – Unies aux droits de l’homme, sou kòdinasyon Tamise.

« Sitiyasyon politik peyi a pa rete san konsekans sou fonksyònman Tanbou – Literè. Sa fè plizyè ane depi twoup teyat Tanbou a ki pote non « Konpayi Kayiman » pa fonksyone nòmalman. Gras ak fòmasyon sa a mwen anime pou FEL Caraïbes, antanke prezidan Tanbou – Literè, mwen twouve se yon okazyon an ò pou n tou relanse twoup Tanbou a. Deja, majorite jèn ki patisipe nan atelye a gentan enskri pou yo entegre twoup la. Nou kontan e apresye volonte ak angouman yo manifeste a », pawòl Michelle St – Félix. 

Egalman komedyèn nan Teyat Nasyonal Ayiti, Michelle bay enpresyon li sou sitiyasyon moun ki angaje yo nan aktivite teyat an Ayiti. Li te pwofite fè yon ti rale tou sou bèl esperyans Tanbou – Literè te toujou fè toupatou nan peyi a atravè pèfòmans Konpayi Kayiman : « Se vre aktivite teyat nan peyi a pa rapòte. Se yon metye nou angaje nou ladan l paske n renmen l, paske n santi teyat se lavi, teyat se yon lòt fason pou n fè fas ak pwoblèm lavi a ki pa sispann bann pwoblèm. Teyat se libète espresyon. Se libète nou menm komedyen ak komedyèn nou genyen pou n fè tande bri sa ki deranje nou ak bri sa ki fè nou mal nan zantray nou. Avèk jèn sa yo jodi a ki deside rejwenn Tanbou – Literè aprè fòmasyon an, nou pwal kapab pèmèt piblik la viv lòt pi bèl moman majik. Mwen sonje epòk reyalite politik peyi a potko jan li ye kounya a. Mwen sonje jan Tanbou – Literè te konn ap feraye nan anpil festival ak fwa liv nan peyi a. Nou te konn ale Vèrèt, Jakmèl, jwe Pòtoprens, Gantye, elatriye ». 

Christina Fleurimond, 18 tan, pa kache fyète ak kontantman li pou li entegre Tanbou – Literè : « M te kontan anpil patisipe nan fòmasyon an ki aprann mwen anpil bagay. M kontan tou dèske mwen pwal fè pati yon twoup teyat k ap ede mwen avanse pi byen nan sektè kiltirèl la. M prè pou m bay tout mwen menm ».

Pou tèmine moman fòmasyon an, Michelle St – Félix te envite jèn yo fè egzèsis fizik, travay vwa yo epi ba yo randevou pou lòt rankont.     

Jean Ricard Bontemps

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.