1 décembre 2025
26 MWA GAGÒT SAN RIVAL AK MINIS RAYMONDE RIVAL NAN TÈT MJSAC.
Actualités Corruption Insécurité|Kidnapping Pages d'Histoire d'Haiti PHTK autorise l'occupation du pays Société

26 MWA GAGÒT SAN RIVAL AK MINIS RAYMONDE RIVAL NAN TÈT MJSAC.

FAISCEAU DES EMPLOYES DU MJSAC (FE-MJSAC)

Route nationale # 3, Croix-des-Bouquets

Email : faisceaudesemployesdumjsac@gmail.com

Phones : + 509 4786-1858 /4221-4772 / 3713-7013

NÒT POU LA PRÈS

Mèkredi 20 Mas 2024

26 MWA GAGÒT SAN RIVAL AK MINIS RAYMONDE RIVAL NAN TÈT MJSAC.

Feso amplwaye ministè jenès , espò ak aksyon sivik ( FE-MJSAC) salye laprès pale, ekri, televize ak medya an liy yo, pandan n’ap voye yon gwo kout chapo pou travay yap fè nan sosyete a, nan fòme ak enfòme popilasyon Ayisyèn nan. Nap tou voye yon panse espesyal pou tout Ayisyen k’ap travèse yon moman difisil san parèy, men nou sèten ak kouraj nou, detèminasyon nou n’ap sòti nan twou sa a paske pèp k’ap goumen pa janm pèdi batay.

Nan misyon nou genyen kòm sendika ki se veye sou kijan Ministè a ap mache, nap atire atansyon piblik la sou yon ansanm zak ke lwa 2014 la kalifye de zak kòripsyon grav kap gangrennen Ministè Jenès, espò ak aksyon sivik depi 26 mwa madan Raymonde Rival rive nan tèt enstitisyon an . se vre MJSAC te toujou ap viv zak koripsyon depi yon bon bout tan, men rive madan Rival nan tèt li kòm minis paka konpare ak kenn lòt administrasyon .

Nou p’at janm rete bwa kwaze douvan zak korispsyon sa yo, nou te toujou ekri, fè rankont ak konsène yo , epi lè yo pa deside tande la rezon pran chimen la près pou denonse. Men douvan dènye zak sa yo ki grav pase aksan grav nou oblije mande konkou enstitisyon leta yo ki la pou konbat kòrisyon. Men kèk egzanp gagot ak kòripsyon ki fèt nan dènye tan sa yo madanm lan fe nan tèt enstitisyon an :

1.pou yon mwa sèlman yo dekese 3.4 milyon goud pou achte dlo , pandan okenn moun pa wè kote dlo sa yo pase ;

2. nan zafè batri, lwil ak kawotchyou pou fè sèvis nan machin enstitisyon an, se rèl kay makorèl ;

3. nan kat debi ki la pou soutni anplwaye yo , pou soti mwa oktòb 2023 a pou rive janvye 2024 la, 80 milyon goud dekese sèlman pou satisfè ti gwoup atoufè kap dechèpiye ministè a . gen moun ki jwenn plis pase 500 mil goud sou kat debi yo kòm gratifikasyon. Gen moun ki pa ni kontraktyel ni anplwaye regilye ki gen kat debi nan men yo pa ekzanp (Depite Senatè Sèvant ti boubout ) elatriye.

4. Pou fich gaz menm se yon veritab gagòt.

5. pewòl jounalye fantom pou mwa desann 2023 ak janvye 2024 plis pase 9,5 milyon dekese pou fè chèk pou ti-fanm, ti-zanmi ak lòt madanm gwo zotobre nan ministè a. chèk sa yo sòti nan 25 mil pou rive 106 mil goud. Mete sou sa 2 milyon goud dekese pou bay prim san konnen kote kòb sa fè

; 6. Chèk pèdiyèm pou mondyal feminen nan peyi Ostrali, Plis pase yon 15 zèn chèk ki evalye 525 mil goud pou chak grenn moun ki ta pral asiste konpetisyon an pandan moun ki te benefisye frè sa yo pat fè yon pa kita, yon pa nago e yo pa retounen chèk sa yo nan trezò piblik l ;

7. Pou zafè kontra nan ministè a, pa gen okenn nòm yo respekte. Kontra sa yo bay sou baz zanmitay ak tizonay. chak chapèl politik vin pran kantite pa yo.

8.Minis Rival ak Chef kabinèl sou konplisite kèk kad konvèti ministè a tankou yon veritab ajans vwayaj, kote yap òganize vwayaj klandesten nan peyi Meksik pou antre nan peyi Etazini oubyen kanada sou baz amplwaye pral swiv fòmasyon abitraj ak Sivis. Alòske moun sa yo pap travay vre nan MJSAC- Trafik moun sa a koute fo-amplwaye sa yo $2000 ou $3000 ameriken.

9. nan reparasyon 2 Machin pou plis pase 3 milyon goud aloske machine sa yo pa repare vre ,youn pou (1 Milyon 8 01 mil 116 gd) 1,801,116.46 gd numéro plak SE 00848, dezyèm nan pou ( 2 milyon 112 mil 600 gd ) 2,112,600.00gd numéro plak SE 06846 kob sa se nan poch Rival ak ekip li.

10. Machin Ministè a ki sezi depi plis pase 16 mwa fèmen yon kote pa yon swadizan Chèf Rezouszimèn Madam Jeannithon Garditte ke Minis lan te nonmen sou papye , nimewo Plak machin sa se SE-05302 yon Hilux koulè Nwa .

11. Biwo Direksyon depatmantal yo ke anpil ladan yo mèt kay mete deyò pou Dèt Pou nou fini, aprè tout zak gagòt madanm Rival ak akolit li yo fin fè nan MJSAC la pandan anviwon 26 mwa , lap dirije ministè a, li twouve sa pa ase, nan sousi pou li ale pi vit nan piyaj ak gagòt, li deside vini ak yon nouvo administraté mimi myaw (chat) ki te fin dechèpiye MJSAC pandan 5 ak 6 lane kel te pase

Kòm administratè. Minis Rival, deside tounen avèk li yon mannyè pou fin depatya ti rès kòb ki rete nan bidjè ane 2023-2024 la, nou mande pou Ministe finans pa debloke kòb pou MJSAC si se pa sa ki gen rapò ak gaz, frè, ak lajan pou kat debi anplwaye e fòk yo veye lis ki al jwenn finans la eske se li ki al nan BNC tout bon. N’ap pwofite reklame yon moun ki gen entegrite, ki serye ,ki kapab epi ki konnen sektè a byen pou vin dirije MJSAC.

N’ap mande tou pou ULCC dilijante yon ankèt prese prese sou MJSAC pou konnen kote tout lajan nou sot site la yo pase. Nou solisite konkou lapolis ak lajistis pou ede nou sezi tout materyèl ministè ki nan men patikilye. E nou mande pou ta gen mezi ki pran pou anpeche madanm nan ak ekip li kite peyi a annatandan tout bagay eklèsi.

Viv Ayiti, Viv la Jenès

Orel Arenard (Sec Gnl) Franz Alexis (Délégué) Samuel Jean (Porte Parole)

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.