Telefòn sonnen
Randevou bò Katedral
Benediksyon anbasadèz se pou Popetwèl
Ladjablès pale
Joselis grennen bal
Lanmò se pou potè nan mache Petyonvil
Nou pran nan zo
Nou pran nan kou
Lamas ratibwaze
Klasmwayèn dekonstonbre
Nou pran nan revolisyon bout mamit
Revolisyon Lekòl kraze
Revolisyon Lopital boule
Vakabon se wa, bandi prezidan
Tout voum se do
Gang pete plafon
Gad on peyi m fè sa m pito
Madigra pase
Gad on kout pa konprann
Kanaval taye banda pirèd
Bann sendenden ap monte chanmas
Mikwo nan men gòch
Kabay nan men dwat
Pa gen dodo titit nan Kafoufèy
Pamela pa di krik
Sa k pou ta genyen!
Jezila vyole
Dezilòm depyedevan
Gòldenbè koule chanpay nan eliko
Dan Yoo

