25 septembre 2025
Panama Papers : Rezo Nòdwès denonse gwo entimidasyon ansyen direktè CFI rejim Tet Kale #1 an, Georges Andy René, ap fè sou ekip li
Actualités Kreyòl Société

Panama Papers : Rezo Nòdwès denonse gwo entimidasyon ansyen direktè CFI rejim Tet Kale #1 an, Georges Andy René, ap fè sou ekip li

Jounal an liy Rezo Nòdwès ap denonse devan tout Ayisyen ak tout pèp sou planèt la, gwo entimidasyon ansyen direktè CFI (Sant Fasilitasyon Envestisman) sou rejim Martelly-Lamothe, avoka Georges Andy René, ap fè sou ekip jounal la apre ekip la te pibliye yon atik sou jijman kèk avoka ki te enplike nan dosye Panama Papers la.

Nan atik la, redaktè a ki te itilize fidèlman enfòmasyon ke jounal tankou Miami Herald ak Le Nouvelliste te pibliye, te fè yon rapèl sou non gwo chabrak ayisyen ki te site nan eskandal mondyal sa.

Se konsa Mesye Georges Andy René estomake, li di Rezo Nòdwès ap reveye chat k ap dòmi e li di nou pa gen dwa pibliye foto li. Poutan, tout moun konnen li se yon pèsonaj piblik ki t ap jere epi touche kòb nou, lajan tout Ayisyen.

Mesye René, paske li rich, li se avoka, paske li fè pati de gwo lelit, gwo fonksyonè nan peyi a, panse ti nèg nwè, tèt grenn ki soti andeyò, pa gen dwa bay enfòmasyon sou li, menmsi enfòmasyon sa yo soti deja nan gwo jounal tankou Miami Herald ak Le Nouvelliste.

Kisa bagay la ye menm?

Nan plizyè gwo jounal nasyonal ak entènasyonal, non Me Georges Andy René site kòm moun ki patisipe nan mete sou pye tip antrepriz espesyal ki sèvi pou kache lajan pou DGI pa ka jwenn enpo sou li. Se nan kad yon akò kote Ayiti te pral achte gaz nan men Trinidad tout bagay sa yo te fèt.

Ni ansyen premye minis Lamothe, ni ansyen minis Laleau te rale kò yo nan dosye a. Yo te di nan laprès ke se direktè René ki dwe bay eksplikasyon sou dosye a.

Apre premye kontak Me Georges Andy René te pran ak ekip la, nou te ba li opòtinite pou li te pibliye yon nòt kote li ta ka bay pawòl pa li. Se sa yo rele dwa repons nan jagon laprès

Li te mande pou nou te mete li pito nan menm atik la.

Kòm etik jounalistik la pèmèt sa, se konsa nou te rale atik la soti, modifye li pou antre mizopwen li. https://rezonodwes.com/?p=314512

Nou konstate Me Georges Andy René kontinye ap fè entimidasyon sou Rezo Nòdwès, kote li deklare atik la gaye tout kote. Tout moun ap rele li. Sa ba li pwoblèm, e se difamasyon nou fè sou li. Malgre li pa ka demontre nan bon timanmit ki kote e ki jan difamasyon sa fèt.

Nan mond n ap viv la, libète lapawòl, se yon dwa, e libète laprès dwe respekte, depi jounalis la gen bon sous pou enfòmasyon li yo. Se sa k fè nou te bay tout lyen jounal ak sit kote nou te jwenn enfòmasyon yo. Malgre se te senpman yon ti rapèl de koze ki te pale depi plizyè lane.

Men sanble, Me René vle pase dwa nasyonal ak entènasyonal yo anba pye.

Kòm nou konnen dirijan ayisyen yo, sitou moun nan rejim Tet Kale a, yo pa pè sèvi ak tout move mwayen lè yo pa ka kowonp moun, nou di pèp Ayisyen an, tout zanmi Rezo Nòdwès, tout òganizasyon Dwazimen ak tout moun alawonnbadè ke lavi tout ekip la, tout kote yo ye, sou reskonsabilite Me Georges Andy René.


Rezo Nòdwès

=======================================================

Panama Papers: Rezo Nòdwès dénonce de graves intimidations de l’ancien directeur de la CFI sous le régime Tet Kale #1, Georges Andy René, envers son équipe

Le journal en ligne Rezo Nòdwès dénonce devant tous les Haïtiens et tous les peuples du monde de fortes intimidations exercées par l’ancien directeur de la CFI (Facilitation des Investissements) du régime Martelly-Lamothe, l’avocat Georges Andy René, sur l’équipe du journal après la publication d’un article concernant le jugement de certains avocats impliqués dans l’affaire des Panama Papers.

Dans cet article, le rédacteur, se basant fidèlement sur les informations antérieures publiées par des journaux tels que le Miami Herald et Le Nouvelliste, a fait un rappel des noms des personnalités haïtiennes impliquées dans ce scandale mondial.

Ainsi, Monsieur Georges Andy René s’indigne et déclare que Rezo Nòdwès réveille un chat qui dort, en nous intimant l’ordre de ne pas publier sa photo, puisqu’il ne nous a pas donné l’autorisation de le faire. Pourtant, tout le monde sait qu’il est une personnalité publique qui a géré des fonds publics et a été payé avec les recettes de contribuables, donc l’argent de tous les Haïtiens.

Monsieur René, en raison de son opulence, de son statut d’homme de loi et de son appartenance à l’oligarchie et au cercle des hauts fonctionnaires du pays, s’est mis en tête que des citoyens lambda, n’appartenant pas à l’élite ou à des institutions étrangères puissantes, n’ont pas le droit de rapporter des informations le concernant, même si ces informations ont déjà été publiées dans le passé dans des grands journaux tels que le Miami Herald et Le Nouvelliste.

Qu’est-ce donc que cette affaire ?

Dans plusieurs grands journaux nationaux et internationaux, Me Georges Andy René est en effet mentionné comme avoir participé à la création d’entreprise spéciale « offshore » devant servir à cacher de l’argent afin que l’Administration fiscale ne puisse pas le retracer. Cela a été fait dans le cadre d’un accord à travers lequel Haïti devait acheter du pétrole de Trinidad, entre autres.

L’ancien Premier ministre Lamothe et l’ancien ministre Laleau ont nié leur implication dans cette affaire. Ils ont déclaré dans la presse que au directeur René de fournir des explications sur cette affaire.

Après un premier contact de Me Georges Andy René avec notre équipe, nous lui avons donné l’opportunité de publier une note où il pourrait s’exprimer et faire valoir son point de vue. C’est ce qu’on appelle le droit de réponse dans le jargon de la presse.

Il a demandé de modifier l’article et d’y inclure ses déclarations.

Conformément à l’éthique journalistique, nous avons modifié l’article, pour inclure ses commentaires avant de le remettre en ligne. https://rezonodwes.com/?p=314512

Nous constatons que Me Georges Andy René continue d’intimider Rezo Nòdwès. Ildéclare que l’article se répand partout, qu’il reçoit beaucoup d’appels à ce sujet et que cela lui pose un problème. Ainsi, il nous accuse de diffamation à son encontre. Pourtant, il se trouve dans l’impossibilité de démontrer clairement où et comment cette diffamation a été commise et dans quelle partie du texte on pourrait retrouver les faussetés qu’il dénonce.

Dans le monde où nous vivons, la liberté d’expression est un droit, et la liberté de la presse doit être respectée, lorsque les journalistes ont de bonnes sources d’information. C’est pourquoi nous avons fourni tous les liens vers les journaux et les sites où nous avons puisé ces informations. Bien que ce ne soit qu’un rappel de faits publiés depuis plusieurs années.

Mais il semble que Me René souhaite bafouer les droits nationaux et internationaux.

Comme nous le savons, les dirigeants haïtiens, en particulier ceux du régime Tet Kale, n’hésitent pas à utiliser tous les moyens possibles lorsqu’ils ne peuvent pas parvenir à corrompre un honnête citoyen. Nous disons au peuple haïtien, à tous les amis de Rezo Nòdwès, à toutes les organisations de défense des droits de l’homme et à tous les observateurs que la vie des membres de notre équipe, où qu’ils résident, se trouve sous la responsabilité de Me Georges Andy René.

Rezo Nòdwès

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.