Ariel Henry: « Nan semèn n lan, nou gen pou enstale ofisyèlman man m HCT yo », san’l pa di ki atik nan Konstitisyon an ki bal dwa pou fè sa

0
3582

Ki itilite yo? Michel Sweet Micky Martelly ap ri Mirlande Manigat ak tout pil diplòm li yo (plòm plòm) ke PHTK3 amelyore ap fè fè tenten!

Ariel Henry, se yon danje pou Ayiti e lap pi mal ke Duvalier. Fòk nou di André Michel, mèsi!

Mercredi 4 janvier, 2023 ((rezonodwes.com))–Premye minis Ariel Henry ki pa konn doulè fè kanpay elektoral, mache pòt an pòt pou mande mounn al vote pouli, ap byen tete nanmèl bèf la ke Core Group foure nan bouch li e depi lè sa lap depale, lap fè pwomès e li pase pou yon mounn ki pat janm pase sou ban lekòl akoz de jesyon’l ki zero bare et pawòl dwategòch kap sot nan bouch li.

Nan dat premye janvye ki sot pase-a, Dòk Ariel, san respè pou pèp Ayisyen ki dayè pa nouri okenn santiman pou li tou, sèmante poul foure yon konsèy malfèktè nan kòsaj pèp la.

San’l paka fouti di ki atik Konstitisyon an ki pèmèt li fè sa, li di ke « Nou adopte tou arète ki konstate kreyasyon « Haut Conseil de la Transition » an (HCT) e k ap pibliye tou nan Jounal Ofisyèl, jan sa te prevwa, non twa pèsonalite sèktè yo te chwazi« .

Pou’montre ke Madan Maniga se yon tòchon nan men’l tankou li menm ki se yon pope twèl nan men Madan La Lime, li kontinye pou’l di avèk asirans pou tèt pa’l ke « Nan semèn n lan, nou gen pou enstale yo ofisyèlman e ba yo mwayen pou yo kòmanse travay men nan men ak gouvènman an« .

Pa gen pi gwo souflèt Ariel Henry te ka bay pèp Aysyen nan jou ke naa komemore 219 lane depi ke nou te di nap fè yon peyi san nou pap pran lòd nan men etranje.

Dokiman konpwomi ant ti zanmi demon lènemi jire peyi-a kap chache fè lajan nan tranzisyon pata sipoze tann lontan ankò pou’l pibliye, menm lè selon anpil lidè konsekan se yon bagay nil san lavni lap ye tankou dokiman ki konstitye PHTK3 a ant Ariel, André Michel, Edmond Bozil ak lòt yo.

« Yè swa, nou fè yon konsèy minis pou valide Dokiman konpwomi nasyonal la, e nou voye l nan Jounal Ofisyèl pou piblikasyon« , sa fè 4 jou pase M. Henry te di sa.

Pawòl sa yo ki se soup rechofe depi 1er janvye 2022, te pale de eleksyon deja kote yo denonse ke se yon trajedi lap ye akoz de jwè yo ki gentan chwazi pou kenbe sistèm kowonpi a kila pi rèd eki ranfòse ak PHTK1, PHTK2, PHTK3 ak PHTK3 amelyore ak Mirlande Manigat la dan’l ke Sweet Micky te meprize ak tout bann ak pakèt diplòm manzè genyen.

karikati: Castro Desroches

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.