Texte du jour |  »Tire » : Georges Castera vent debout contre la répression

0
1142

Jeudi 10 novembre 2022 ((rezonodwes.com))– Né le 27 décembre 1936 à Port-au-Prince, Georges Castera fils est l’une des plus grandes figures de la poésie haïtienne contemporaine.

Pour poursuivre sa carrière poétique, il abandonne des études de médecine, entamée en Europe, mais reste en dehors du pays jusqu’à la chute de la dynastie des Duvalier. Renté au pays, il vécut à Pétion-Ville jusqu’à sa mort survenue le 24 janvier 2020.

L’œuvre de Castera est considérée comme une révolte contre l’injustice, la misère et la répression et un pari sur l’amour et le désir.

En bon poète prophète, Georges Castera, dans son poème en créole  »Tire », a abordé, il y a plusieurs décennies, les conséquences de la circulation incontrôlée des armes à feu dans le pays. Il dénonce la répression exercée par les hommes en armes.

Tire

bal la fè twou
pou-l pase rantre
l’ale, li travèse
depi se trip,
depi se pye, jizye,
mwèltèt.
Li pase an boulin,
an boulvès
li vire antre
bourade kraze
wa di
yon bagay
l’ap chache nan mitan fèy papye.

bal la kwaze
ak kat tikatkat
ki te chita ap etidye
b, a
ba
aba !
Bal la antre ba
nan listwa kò kay la
li bwase bil
tout bagay.
Vè chavire bouch anba,
tab panche sou de pye,
chèy pay rale sou dèyè
pou yo sove ale.
Alewè pou moun
ki isit,
ki lòtbò,
ki lan malsite.

Bal la fè twou,
li fè tout sa-l konnen
pou-l pa kite anyen
dèyè
k’ap bouje
ki kanpe djanm
sou de pye.
Bal la fè twou
toupatou
pou-l pase.
Tout bagay blese
malman
ki kanman,
ki papa,
ki pitit.
Sa w vle,
bal ap tire-san-manman
e moun se vyann ak po,
epi san k’ap koule ale
nan randevou venn kè
pou mèvèy lavi jwenn wout
kontantman.

Men vwala
moun blese, moun mouri,
pou lide yo vle defann
lide tètdi
lide libète
byen tanpe
ki pran lari nan twou bal
ki pran lari toutouni y-ap chante :

mon kaporal, toup ! tou pa-w dèyè ! (bis)
mon jeneral bow ! tou pa-w rive ! (bis)

Gate Priyè. Port-au-Prince: À Contre-courant, 1990.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.