Haiti-Observateur: Kote mounn Nasyon Zini yo te ye lè Michel Martelly ak Laurent Lamothe (PHTK) tap monte gang yo an 2011?

0
1468

Yon ekstrè de yon atik ki pibliye mèkredi maten 26 oktòb la nan Haiti-Observateur ki pote tit: « Kounnye a pa gen si n te konnen, deblozay Ayiti a sou kont yo ».

« Tout gang kap opere kounnye a an Ayiti òganize anba je Nasyon Zini »

Mercredi 26 octobre 2022 ((rezonodwes.com))–

Jan nou wè l la, selon sa Konsèy Sekirite a met deyò a, diran lane 2018, 2019 ak 2020, Babekyou tap opere san okenn restriksyon. Epi kilès ki te prezidan lè sa a? Jovnèl Moyiz. Kivedi, se pou Gwo Bòs la li t ap travay. Kisa Claude Joseph te ye nan gouvènman sa-a ki pat pase la Chanm?

TiRenm/Grenn Pwonmennen ki se otè atik la di tèt li ke li pa konprann poukisa Konsèy Sekirite a pa di anyen sou jan Manzè Helen Ruth Meagher La Lime, reprezantan Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, epi chèf BINUH (Biwo Entegre Nasyon Zini ann Ayiti) te bat bravo pou Prezidan Moyiz lè l te penmèt Babekyou fè G9 la vin tounen youn « Federasyon Gang », ki gen papye ofisyèl nan Ministè Afè Sosyal ak Travay, kòm òganizasyon byenfezans.

Nou ta ka di plis toujou pou montre ke tout gang kap opere kounnye a òganize anba je Nasyon Zini. Kote mounn Nasyon Zini yo te ye nan lane 2011, lè Michel/Michael Joseph Martelly, prezidan, ki di li se « Bandi Legal » la, chèf Pati Politik Tèt Kale a (PHTK), tap monte gang li yo ansanm ak Minis Afè Etranje ki te vin Premye Minis la, Laurent Salvador Lamothe.

Enben se nan menm gang sa yo Jimmy Chérizier soti. Si m pa tande yo nonmen non mounn sa yo nan sanksyon yo di y ap met sou gang ak mounn ki òganize e finanse gang, mwen pa kwè gen anyen de serye k ap regle.

Epi youn dènye ti pawòl anvan m fèmen bwat nouvèl la. Byen ke pap gen youn fòs envazyon sou kontwòl Nasyon Zini, jan Ariel Henry te mande a, si bagay yo vin myèl vre, li ka wè twoup CARICOM debake nan peyi a. Bahamas deja di li pare pou l voye solda. Men pi gwo kesyon an, se kote Aryel Henry pral pase, de youn fason ou youn lòt? Lè nou jwenn repons lan, pa bliye m!

TiRenm/ Grenn Pwonmennen
26 oktòb 2022

raljo31@yahoo.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.