Entèvansyon etranje : AKAO bay pozisyon li sou kriz k ap sekwe bil Ayiti a

0
809

Pozisyon AKAO sou sitiyasyon peyi d Ayiti nan mwa Oktòb 2022 a kote Gouvènman A. Henry mande Nasyonzini entèvni “ pou fè fas ak gang epi kriz imanitè”

Vandredi 21 oktòb 2022 ((rezonodwes.com))–

Depi 30 lane, yon dizèn Misyon Nasyonzini ak 3 entèvansyon militè Etazini deplótonnen nan peyi d Ayiti akòz divès kriz. Malgre sa, dirijan yo ansanm ak elit ekonomik yo pa janm fè bilan sistèm anplas la, ni yo pa janm pwopoze yon pwojè ekonomik ak politik ki pou ta manyen rasin kriz la. Konsa tou yo pa janm pran dispozisyon pou transfóme mòd fonksyonnman abitrè Leta a.

PHTK ak alye li yo, ki sou pouvwa depi 12 lane, sou bò pa yo, vin ranfòse epi kriminalize menm vye sistèm ekonomik ak politik la ki chita sou eksklizyon, monopòl, koripsyon ak represyon, sa ki foure peyi a pi fon anba enjerans letranje.

Enjerans sa a vin pran tout kalite fòm pandan dirijan ak elit ekonomik yo refize defini yon lót pwojè ekonomik ki ta kapab, nan venteyinyèm syèk sa a, devlope peyi a, pwodui plis richès epi rann sèvis ki nesesè yo aksesib pout tout kouch nan sosyete a.

Jounen jodi a, nan moman grav kote popilasyon an ap kwoupi anba yon mizè ki sanble l pa gen bout, makonnen ak laterè fòs kriminèl yo blayi sou peyi a, nou nan pa pòt yon lòt prezans militè etranje ak yon lòt misyon Nasyonzini. Sa vle di aklè vye sistèm anplas la bout. Kidonk, li nesesè pou nou koupe fache ak statu quo a pou peyi d Ayiti sispann tonbe nan mòd kalamite sa a.

AKAO kwè lè a rive pou nou kòmanse depatcha vye sistèm monopòl ak eksklizyon ki tabli nan peyi a. Se moman pou tout sektè, tout òganizasyon, tout sitwayen konsekan mete plis detèminasyon nan goumen ak entelijans pou chanje lavi Pèp ayisyen.

AKAO kwè li nesesè pou tanmen yon gwo pwosesis refòm pou transfòme strikti ekonomik peyi a, yon pwosesis refòm ka p pase men nan lwa yo ak nan administrasyon piblik la pou sipòte devlopman peyi a, sa ka p pèmèt modènize sistèm politik la epi fini ak estrikti sosyal ki tabli nan peyi a depi digdantan, kote se yon ti ponyen k ap peze mas la.

Transfòmasyon ekonomik yo endispansab pou pèmèt plis lajan envesti nan peyi a, modènize ak dinamize pwodiksyon byen ak sèvis yo, yon fason pou kreye plis richès ak travay nan peyi a nan enterè tout moun, san se pa sèlman kèk grenn fanmi, oswa gason ak fanm, ki pran kontwòl epi souse resous peyi a.

Transfòmasyon sosyal yo endispansab pou nou menm, Ayisyèn, Ayisyen, rive pataje fwi richès k ap kreye yo, rekonstwi idantite nou kòm pèp, pou nou ka viv ansanm tankou moun, tankou frè ak sè, pitit menm tè a.

Transfòmasyon politik yo endispansab pou pèmèt tout sitwayen jwi dwa lalwa ba yo, espesyalman pou yo patisipe nan defini direksyon ak wout peyi a dwe pran, san yo pa sibi okenn menas ak presyon.

AKAO toujou kwè nan kapasite Pèp Ayisyen pou leve defi ki devan l lan. N ap kontinye apiye batay Pèp la ap mennen pou amelyore kondisyon lavi l epi fini ak vye sistèm piyajè a ki rive nan bout li.

Viv Ayiti ! Viv yon Peyi granmoun, yon Sosyete san fòs kote.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.