Akò Montana | Okipasyon peyi-a. Zak Ariel Henry a pote yon non: Li rele krim « Wot Trayizon », leve vwa nou « pou nou di NON ak bòt etranjè »

0
1492

Sitwayèn, Sitwayen, moman an rive pou nou leve vwa nou wo e fò pou nou di NON ak bòt etranjè Ariel Henry ak akolit li yo bezwzen pou yo ka rete sou pouvwa a.

NÒT PIBLIK BIWO SWIVI AKÒ MONTANA A KONT OKIPASYON PEYI DAYITI NOU AN

Gouvènman de fakto a ak alye 11 septanm li yo, sektè mafya lokal la ak alye entenasyonal yo mennen peyi a kote l ye la a jounen jodi a.

Biwo Swivi Akò Montana konprann byen sa trèt yo t ap pare a. Yo tolere, yo antreteni gang yo, pèmèt yo deplwaye sou teritwa a san yo pa janm menm kontrarye yo, jis pou yo te ka kreye sitiyasyon envivab peyi a twouve l jodi a. Plan an klè, sitiyasyon yo kreye a vinn sèvi pretèks pou yo bay peyi a imiliasyon mande entèvansyon etranjè prese prese. BSA konprann tou poukisa gouvènman an lage Polis la nan sitiyasyon pou gang yo maltrete yo, touye yo, ekspoze tèt yo yo koupe, boule kadav yo.

Gang yo pa gang, gang yo se kò tonton makout (milis) pouvwa ak alye lokal kou entènasyonal yo ye.

Gang-milis yo ranpli misyon dezonore enstitisyon fòs Lapolis nasyonal la pou gouvènman an te ka rele fòs lame etranjè, « an kantite sifizan » jan yo ekri l la. Se trayizon yo rele sa.

Gouvènman pèsòn pat bay manda a, Premye minis ki pa menm pase devan Palman, ki
enkonstitisyonèl, ki ilegal la, san okenn lejitimite, pèmèt li pran yon desizyon k ap anglouti Nasyon an
.

Zak sa a pote yon non, li rele Krim Wot Trayizon. Se yon krim konstitisyon an ak lwa peyi a kondane. Akò Montana a deja an konsiltasyon ak kabinè avoka l pou l depoze yon plent fòmel kont trèt a lapatri sa yo : Doktè Ariel Henry, Minis siyatè rezolisyon konsèy Minis lawont 7 oktòb la ki pibliye nan jounal ofisyèl Le Moniteur ak tout alye 11 septanm li yo ki rete solidè ak gouvènman sa a ansanm, patwon gang-milis yo ki kenbe tout peyi a an otaj.

BSA konprann trè byen ka gen moun, sitou sila yo ki t ap sibi pi gwo soufrans yo, asasinay, vyòl, kidnapin, bandone kay ak byen yo, lage sou plas piblik ak pitit yo anba je konplis gouvènman an.

Dezespwa ka mennen yo panse se yon entèvansyon ki pral solisyon problèm yo. Listwa aprann nou okenn fòs etranje pa janm rezoud pwoblèm okenn pèp sou latè. Ayiti sibi okipasyon plizyè fwa nan listwa l, men ki kote nou ye jodi a. Yo mennen peyi a nan pwen popilasyon an ap toufe a pou menm yo menm lan vin pran pòz sovè nou. Yo mete fas a tè devan entènasyonal la pou mete Nasyon an fas a tè pou yo ka kontinye jwi pouvwa Leta a.

Jan BSA a toujou di l, si Polis nasyonal la sòti anba enflyans politik epi jwenn, nan yon ti tan tou kout, bon ankadreman, bon akonpayman teknik, bon fòmasyon, bon ekipman, l ap kapab fè fas ak kriz ensekirite a. Se fòs polis ayisyen nou an ki pou gen kapasite pou rezoud yon fwa pou tout pwoblèm ensekirite Ayisyen ap sibi a. Pou rive mete Lapolis la nan nivo sa a, nou bezwen solidarite lòt peyi.

Wi pou solidarite NON ak entèvansyon, NON ak enjerans ! Lanasyon dwe kanpe doubout pou l fè fas a nouvo kriz sa a gouvènman an ak alye l yo mete peyi a. Se konsansis ant òganizasyon ak fòs patriyotik yo k ap pèmèt peyi a kanpe anfas enyèm okipasyon yo pran tan yo pou byen pwograme a.

Sitwayèn, Sitwayen, moman an rive pou nou leve vwa nou wo e fò pou nou di NON ak bòt etranjè Ariel Henry ak akolit li yo bezwzen pou yo ka rete sou pouvwa a.

Kònen lanbi yo, soufle banbou ak kònè yo, sonnen ason yo, sonnen klòch legliz, selebre lwanj nan tanp yo, fè drapo peyi a flote devan lakay nou, toupatou, pou trèt yo konnen pèp nasyon an ranmase diyite l pou l di NON! Se devwa nou devan listwa nou, devan kilti rezistans nou ak viktwa nou ranpòte, devan zansèt nou yo, devan pitit nou yo.

OCHAN POU AYITI!
OCHAN POU AYITI!
VIV AYITI

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.