Videyo – Diskou : Ariel mande etranje yo vin pote l sekou, pandan li kenbe rèd nan monte pri gaz la

0
922

Teks diskou Ariel Henry nan dat 5 oktòb 2022

Jedi 6 oktòb 2022 ((rezonodwes.com))–

Sèm yo, Frèm yo, Chè Konpatriyòt

Map salye nou tout andedan, tankou andeyò peyi a.  Mwen kwè li bon nan situyasyon grav peyi a ap travèse la a, fòk mwen vi-n fè yon pale ak nou, sou pwoblèm kap brase bil peyi a e ki mete nou tout nan tèt chaje.

Nan pakou politik mwen, mwen toujou aprann, se nan dyalòg, nan konsètasyon ak nan tèt ansanm, pou nou jwen meyè solusyon pou pwoblèm nou yo.  Map pale yon langaj verite e mande nou pran yon ti tan pou nou reflechi sou sa kap pase nan peyi a depi twa semenn.  

Ayisyèn, Ayisyen, se ak tèt nou map pale jodi a.  Mwen konnen nou tout ap travèse yon moman difisil.  Tout bagay monte tèt nèg e chak jou ki pase nan kondisyon sa yo, bagay ap vi-n pi rèd pou manman ak papa pitit. Pèmèt mwen poze nou kèk kesyon ke map mande nou diskute ak fanmi nou, ak zanmi nou, ak moun ki gen menm enterè ak nou.

Gen moun ki gen pwoblèm, paske gouvènman an di fòk gen plis kòb ki rantre nan kès Leta, ki pou sèvi Leta, paske nou egzije tout moun, san paspouki, peye tout sa yo dwe ladwann ak DGI.  Nan nouvo Ayiti nou vle a, nou sòti pou nou chanje fason nou konn jere finans Leta.  Chodyè a pa ka toujou ap bouyi yon sèl bò.  

Mwen dil deja, e map repetel, krich pa kannari, kannari pa sous, fòk nou utilize sa nou genyen pou nou bay pi fò pèp la, sutou sa ki pi mal yo yon minimòm sèvis tou.  Fòk nou dakò ak mwen, nou pa ka pran tout resèt ladwann pou sèvi yon ti gwoup moun e pou nou subvansyone yo grenn pwodui.

Fòk nou konnen, lè nou bay 50 a 60 milya goud pou subvansyone yon sèl pwodui nan benefis yon gwoup moun, pa rete mwayen ankò pou nou ede manman ak papa pitit pou rantre lekòl la.  Pa rete kòb pou nou ta menm sonje bay yon subvansyon pou fè pri manje bese.  Pa rete anyen pou nou ta bay yon ogmantasyon pou ede anplwaye Leta jere enflasyon an.

Pèp ayisyen louvri je nou, tèt klè, pou nou konprann byen sa kap pase sou tèren an jodi a.  Pa kite zòt kap defann enterè pèsonèl yo,  mete egzistans ak avni pitit nou an danje.

Eske nou panse tout bon vre,  nèg ak gwo zam fann fwa kap tire sou Lapolis ak Lame pou anpeche yo louvri wout pou gaz la ka soti nan tèminal yo, se nan enterè pèp ayisyen, nan enterè pa nou yap travay ?
Aa, ouvè je nou !

Eske se paske yo renmen nou, paske yo vle wè nou fè pwogrè, yo bloke tout wout nan peyi a, pa kite nou sikule pou nal chèche la vi pou bay pitit nou manje ?
Aa ouvè je nou !

Eske se nan enterè nou yap travay, lè yo pran tout yon peyi an otaj epi anpèche pitit nou al lekòl, anpeche malad ale pran swen lopital, anpeche moun jwenn dlo potab pou yo bwè, e menm bare wout pou manje pa ka sikule nan peyi a.  Tout sa nan yon moman kote kolera retounen lakay nou.

Aa ouvè je nou !

Konpòtman irèsponsab e kriminèl moun sa yo, kreye yon kriz umanitè nou pa janm wè, nou pa janm viv sou la tè Dayiti e ki menase ankò souverènte peyi Papa Desalines lan.  Nou pa ka kanpe gade kèk grenn bandi, ki asosye ak kèk move  politisyen e kèk move òm dafè, plonje peyi nou an nan yon katchouboumbe san parey.

Jodi a, map lanse yon apèl solanèl bay tout pèp ayisyen an, bay tout moun bòn volonte, pou nou fè tande vwa nou, pou nou mobilize, pou nou rasanble, pou nou bare lawout a tout move zangi ki panse yo ka mete tout yon pèp ajenou, e panse se sèl wout pou yo rive pran pouvwa.

Map mande tout komunote entènasyonal la, tout peyi zanmi Ayiti yo, pou yo pote kole ak nou, e ede nou konbat kriz umanitè sa a.  Map mande èd, akonpayman ak sekou.  Nou bezwen yo ba nou tout kalte supò ki nesesè, pou evite moun mouri pa pil e pa pakèt, si nou pa fè anyen. 

Nou vle pou dlo potab ak medikamen rive jwenn moun ki malad yo nan moman kolera kòmanse tounen, pou izin kap pwodui dlo potab yo rekòmanse fonksyone, nou bezwen doktè ak enfimyè jwenn wout pou rive nan lopital yo,  pou lambulans ka sikule, pou lopital rekòmanse fonksyone. Nou vle  yo,  ede nou libere wout yo nan tout peyi a, pou gaz la ka soti al nan pomp yo tou patou, pou tout ti moun ka ale lekòl san kè sote, pou tout moun ka vake a okupasyon yo san pè e san krent.

Ayisyèn, Ayisyen, 

Situyasyon an grav.  An nou pran destin nou an men. An nou fè prèv de konpasyon e dumanite.  An nou leve eskamp figi peyi a.  An nou mete tèt nou ansanm, pit kou mawo, zannanna kou pengwen, pou nou chanje sa.  An nou fè sa pou Ayiti.

Ayiti pa ka peri.  Ayiti pap peri.  
Ke Bondye kontinye gade e beni AYITI.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.