Kriz sou kriz : Pati Politik ak Regwoupman ki siyen Akò Montana yo di yo pa vle okenn chanjman sou pwèl

0
7745

NÒT POU LAPRÉS

Potoprens dimanch 18 Septanm 2022​​​​​​​​ ((rezonodwes.com))–

Nou menm diferan Pati Politik ak Regwoupman ki siyen Akò 30 Dawou a salye kouray, detèminasyon ak entèlijans pèp Ayisyen ki leve kanpe nan 4 kwen peyi a pou bat chalbari dèyè gouvènans restavèk Mouche Ariel Henry a ki chita ap pran yon bann ak pakèt desisyon gwo ponyèt pou garanti enterè zotobre lokal ak entènasyonal pandan sitiyasyon mizè, grangou ak chomay la pi malouk nan zantray popilasyon an.

Mouche Ariel Henry pandan 2 fwa miltipliye pri gaz la paske daprè l leta bezwen lajan alòske li rekonèt gen 600 milyon dola vèt kap gaspiye nan dwann yo, nan men zotobre lokal yo. Si pa gen sitirè pa gen vòlè.

Konpòtman sa a, se prèv anplis ki montre gouvènman apeze a kap dechèpiye peyi a pap travay nan enterè pèp ayisyen an. Se konsta sa a, ki pouse pèp ayisyen, depi kèk tan ap reklame chanjman sistèm esklisyon ak inegalite a.

Se konpreyansyon sa a ki degaje nan chache kòz kriz la ki pouse diferan sektè ki siyen Akò 30 Dawout yo ap revandike yon tranzisyon koupe fache pou fè mizanplas nesesè kap mennen nan rekiperasyon dwa grandèt majè pèp Ayisyen an, prensipal solisyon pou rezoud kriz miltidimansyonèl sila a.

Nou menm diferan Pati Polotik ak Regwoupman ki siyen Akò 30 Dawout la nap kontinye leve kanpe pasifikman ak pèp òganize pou jwenn byennèt majorite popilasyon an ap bouske depi digdantan an. Batay pou byennèt sa a egzije pou genyen alatèt peyi a yon kalte leta ki osèvis popilasyon an. Yon leta ki ka gade nenpòt etranje nan je pou l ka pran bonjan desisyon pou enterè majorite popilasyon an.

Leve kanpe jeneral sa a montre pèp souvren an idantifye aklè kòz pwoblèm li yo. Li pa vle okenn chanjaman sou pwèl kap perenize sistèm depandans kap charye kriz sou kriz la. Nivo konsyans popilasyon an pemèt li konprann aklè se konimote entènsyonal la ak bann gouvènman koupyon li yo ki trennen peyi a nan kalamite sila a.

Asosiyasyon malfektè sila paka li menm rezoud kriz li kreye a.

Se inite patriyòt ak pwogresis ayisyen dèyè yon veritab pwojè nasyonal ki ka libere peyi a. Premye pa nan rezolisyon kriz la se rache manyòk gouvènman restavèk Ariel Henry a..

Nan menm moman an, fòk alatèt Akò 30 Dawout la akselere demach yo tanmen depi yon lannen pou chache jwenn rapidman yon konsansis ak tout lòt aktè enpòtan nan lavi nasyonal la pou kanpe gouvènman konsansis kap pran gouvenay peyi a pou tabli trazisyon koupe fache a epi fè mizanplas kap nesesè pou tabli Ayiti Granmoun nan.

ABA LETA PÈPÈ! ABA GOUVÈNMAN RESTAVÈK ABA DIRIJAN PÈPÈVIV TRANZISYON KOUPE FACHE! VIV YON AYITI GRANMOUN.

POU OTANTIFIKASYON :
Sénateur Francenet Denius
Ernst Saint Louis
Jean William Jeanty


1 PATI AK REGWOUMAN KI SIYEN1FWON PATRIYOTIK POPILÈ
Jean William Jeanty
2 MATRIS LIBERASYON
Sénateur Antonio Cheramy
3 RASSEMBLEMENT DES PATRIOTES HAITIENS
Sénateur Patrice Dumont
4 UNION PATRIOTIQUE DES DÉMOCRATES CHRÉTIENS (UPDC)
Sénateur Francenet Denius
5 RASSEMBLEMENT SOCIAL DÉMOCRATE POUR LE PROGRÈT D’HAITI (RSD)
Victor Benoit
6 INITYATIV PATRIYŌT MARYEN (IPAM)
Hughes Célestin
7 ÒGANISASYON POLITIK SENDIKAL AK POPILÈ (KONBIT)
Guy Numa
8 MOUVEMENT TRAVAILLEURS CITOYENS (MTC)
Junie Petit Frère
9 PATI POPILÈ NASYONAL (PPN)
Kelly Bernadin
10 InITIATIV SITWAYEN AYISYEN KAP TRAVAY SOU WOUT YON LOT AYITI POU EVOLISYON AK ANVIWONMAN
Gustave Augustin
11 ACTION PR LA MODERNISATION ET LE CHANGEMENT D HAITI (AMC HAITI)
Ernst Saint Louis
12 INISYATIV POU SOVE AYITI (ISPA)
M. Iswick Théophin
13 KÒWÒT PATRIYOTIK
Franscisco Alcide
14 FRON REVOLISYONÈ POU ENTEGRASYON MAS YO (FREM)
Frantzsen Sainvil
15 KONAKÒM RENOUVO
Dr Dunois Errick Cantave
16 UNION DES DÉMOCRATES PR LA LIBÉRATION D HAITI (UDELH)
Gêne Barterlemy
17 PLATFÒM NOUVEL AYITI (PNA)
Vallery Coquillon
18 ZOUTI POU YON LÒT AYITI (ZOULA)
Delice Pierre Dieudonné
19 ALYANS POU LIBERASYON NASYONAL (ALINA)
Augustin Romain
20 GROUPE D’INTERVENTION ÉCOLIGIQUE D’HAITI (ECOVERT-HAITI)
Anel Dorléan
21 ANN MET FÒS
Estimé Bergéus
22 PARTI REFORMISTE POUR L’ÉMANCIPATION DU PEUPLE (PREPEP)
Mauline Mackenson
23 ALTÈNATIV SOSYALIS (ASO)
Jean Paul Bastien
24 BLOC D’APPUI À L’ACCORD DE MONTANA
Patrick Jeune
25 PARTI LIBERATEUR D’AYITI (PLA)
Roland Moïse
26 RASSEMBLEMENT DES RÉVOLTÉS
Ernso Eristal
27 REZO PÈP
Louis Jeune Jean Remond
28 AKSYON PATRIYOTIK
Abed Negod Paul
29 FRATERNITÉ HAITI
Gasner Jean
30 DEBOU AYITI
Wilfrid Vincent
31 KALEJE
St-Fort Jacky
32 PLATEFORME AYITI VERTE
Celiscar Pierrot
33 PLATEFORME DES DÉMOCRATES HAITIENS
Thanes Paul
34 OGOU
Joce Salvador Germain
35 FÒS N 157
Kesnail Sanit Louis Joseph
36 RASSEMBLEMENT DES MILITANTS PROGRESSISTES D’HAITI (RAMPHA)
Jean Jean Benson
37 PARTI DES ORGANISATIONS VISIONAIRES D HAITI (POVHA)
Jean Claude Pierre Louis

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.