Atansyon : Dominiken ka itilize tout estrateji pou ponn yon kandida pou pran pouvwa ann Ayiti

0
2505

Lafimen pa janm Leve san Dife! Se pa tout estrateji itilize ki konn katolik!

Yon tèks Gumais Jean-Jacques

Jedi 8 septanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Nan dòmèn Sekirite Nasyonal, Sèvis Ransèyman Dominiken se yon zouti politik modèn ki chita sou gwo koperasyon ak grand pwisans nan mond lan.

Lafimen Ayisyen wè kap leve jodia se yon dife politik èksteryè Dominiken kopye sou Ton Sam. Li chita sou 3 gwo wòch estrateji entanasyonal ke yap aplike lontan sa an Ayiti.

1- Estrateji Latwoublay/kawo;
2- Konfizyon Politik/Manipilasyon Aktè yo
3- Makyaveslis Entènasyonal/kreye yon fo Advèsè Demagòg!

Eske’ w te konnen depi w gen yon senp diplòm segondè, epi inivèsitè non w anrejistre nan baz done sèvis ransèyman RD?

Eske’ w te konnen gen plis Ayisyen kap travay pou sèvis ransèyman dominiken an Ayiti ke pwòp Dominiken?

Eske’w te konnen lè Ton Sam bezwen yon enfo sou yon Ayisyen ke li pa gen done sou li, se ak sèvis ransèyman Dominiken yo adrese yo pou jwenn tout detay?

Eske w te konnen sèvis ransèyman dominiken fè « data sharing » ak pi gwo sèvis ransèyman nan Lemond ki se pa peyi Izrayèl la?

Eske w te konnen RD se peyi ki pi pèfòman nan zafè Ransèyman pou sekirite nasyonal ak entènasyonal akòz se pi gwo « Aviation Hub » oubyen yon « kafou pou Trafik Ayeryen » nan rejyon Karayib la?

Eske w te konnen tou, TonSam pa ka fè anyen an Ayiti nan domèn sekirite nasyonal san sèvis ransèyman Dominiken pa okouran oubyen san enfòme pi wo Otorite Dominiken yo menmsi se yon misyon spesyal pou operasyon militè.

Eske w te konnen tou, RD gen obligasyon pataje lis tout bandi, teworis oubyen tout moun ki se yon menas sekirite pou rejyon ak Ton Sam?

Eske w te konnen si RD te opoze oubyen pat dakò ti mesye Kolonbyen yo itilize teritwa li pou vin Ayiti; Te ka gen gwo sanksyon yo kont yo?

Eske w te konnen RD ak Kolonbi chita nan menm rejis nan kesyon sekirite entènasyonal pou estabilite tout rejyon Amerik la?

Eske w te konnen bagay yo rele  » sekretarya Teknik binasyonal » la se yon antèn nan MAE?

Eske w te konnen RD gen pouvwa pou itilize tout estraji makyavelik pou ponn yon kandida oubyen mete sou pouvwa yon Ayisyen ki nan enterè yo e ki pap deranje Ton sam?

Ayisyen pa konn pri dra epi yap chofe tout kalte mò kòm lidè oubyen kòm fiti kandida!

Pouse Bourik nou Lajenès 2000! Lafimen pa janm leve san dife! Ak ki enterè RD vle ponn yon kandida Nasyonalis pou Ayiti? Kòmsi RD pa gen estratejis politik ni Ekspè jewopolitik? Kou an la… Limyè sou montay la wè l!

Yon Epe de bò ki file, Tout jan RD ak TonSam pap vle pèdi… Swa yo koupe tèt nou nan pwochen eleksyon yo ak plan A; Oubyen yo koupe tèt kèk tchoul lè yo fin jwenn yon lòt tchoul ak plan B! Nèg yo nan 3è Estrateji an. Makyavelis entènasyonal: Kreye oubyen ponn yon Fo Nasyonalis Demagòg kòm fiti lidè Ayiti.

Pa etone nou si pwojè a ateri, li chanje an Diktati!

Gumais Jean Jacques
GJJ
Former FlightOps/STL/GSC
AvMP

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.