Konsèy Nasyonal Tranzisyon Akò Montana a denonse vyolans pèp Ayisyen an ap sibi

0
1354

Vandredi 6 me 2022 ((rezonodwes.com))– Konsèy nasyonal tranzisyon (KNT) an ap swiv ak anpil enkyetid kouman ensekirite a kontinye ap vale teren nan peyi a. Chak jou pi plis vag kidnaping nan ap ogmante pandan gouvènman defakto a ansanm ak sektè nan entènasyonal la k ap soutni li a, melanje ak yon branch nan sektè prive lokal lan rete kè pòpòz.

Modèl kontwòl politik pa mwayen metòd kriminèl k ap simen laterè sa a ap pi pèfeksyone ofiramezi. Yon pa   l ap blayi san triyay   sou tout moun san distenksyon, yon  lòt pa l ap pwofite vize kèk moun byen presi yo jije ki nuizans pou sistèm nan. Sendikalis, defansè dwa moun, etidyan, jounalis, animatè peyizan, aktivis politik ap sibi zak pèsekisyon, menas lanmò, lè yo pa annik ekzekite yo kareman nan je tout moun.

KNT a ap mande kisa pèp aysyen an fè l ap peye. Poukisa zòt vle fini ak li fason sa a? Pandan n ap kontinye konstwi yon altènativ pou soti peyi a nan lanfè ensekirite grangou ak lamizè sa a KNT a vle demaske   diskou   degrenngòch entènasyonal la ki vle fè kwè se paske Aysyen paka antann yo ki koz malè peyi a. Diskou malonèt ak ipokrit ki vle fè kwè se nan fonn akò n ap jwenn wout soti  nan kawo manipile sa a pouse KNT a mande èske se akò y ap tann fonn pou fèmen vàn ensekirite a? Èske se akò y ap tann fonn pou anpeche zam sot lakay yo pou vin simen dèy nan lakou isit? Èske se akò yo paka jwenn ak gouvènman yo mete sou kou peyi a pou frennen tren lanmò ensekirite a?  Èske se kadav pèp la yo vle   akò 30 dawou a vin negosye? Oubyen se politik   kriminèl la yo wè   akò montana a soti pou kontrarye?   Si se sa yo rele entranzijan an   yo pa mal wè. Akò 30 dawou a entranzijan sou  dwa pèp aysyen an gen pou l viv nan lapè ak kè poze. Akò 30 dawou a  entranzijan  pou l pa mete l osèvis ankenn politik kriminèl.

KNT a ap ankouraje tout aktè ayisyen kontinye chache konsansis nan mitan popilasyon an jiskaske nou rive oblije entènasyonal la tabli yon lòt modèl relasyon ak Ayiti ki chita sou respè lavi   respè dwa moun,   respè diyite pèp la, respè demokrasi ak Leta ki chita sou lalwa.

KNT a ap fè sa klè pou   tout moun, politik jenosid frèt ki vin pou fini ak pèp aysyen an Akò 30 dawou a pap antre pyafe ladan. Nou pa ta vle ret  kwè pi gwo pisans nan mond lan sèl fason li jwenn pou defann enterè l an Ayiti se fini ak pèp Aysyen an. An atandan  politik sa a chanje, KNT  a bay sektè entènasyonal la  k ap kore estrateji  malveyan sa a ak alye kriminèl li yo reskonsab chak grenn aysyen ki tonbe anba bal osnon kout manchèt malfektè.

Pandan KNT a ap voye senpati ak solidarite l bay tout sila yo ki tonbe w byen   k ap sibi menas ak pèsekisyon, li pwofite renouvle konfyans li nan fòs mounite chak grenn Ayisyen.

Pou KNT a

James Beltis
prezidan

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.