9 avril 2026
Mèt André Michel :  »Lidè Responsab dwe gen sajès ak entelijans e nou pa dwe retounen ak Bagay milat nèg nwa ankò »
Actualités Société

Mèt André Michel :  »Lidè Responsab dwe gen sajès ak entelijans e nou pa dwe retounen ak Bagay milat nèg nwa ankò »

Nan kad libète m nou te plizyè zanmi Ansanm ki tap jere yon pastan nan youn anbyans sivilize ak senpatik e amikal. Li te 2zè pandan nou tout desise ale e kite espas la konsa senatè Nenel Cassy ki te la tou vin deplase,aprè kek minit Gen yon group 10 jenn gason milat ki agrese m vèbalman.

Moun sa yo reproche de pozisyon m kont Martelly e PHTK Poukisa mwen pa vle kite peyi a mache, Poukisa map anmède moun, se pa PHTK ki kraze peyi a se nou. Kom Responsab e pou te evite pran nan provokasyon ak entimidasyon sa yo mwen te mande ekip sekirite ki gen te gen zam pou yo gade kal yo e mande lot group la fini ak diskisyon sa yo,gras ak vijilans mwen evite peyi a de yon kanaj se vre gen kek boutey ki fe kek blese swivan enfomasyon ki rive jwen mwen yo di m tout moun anfom mwen remesye sekirite m yo ki te proteje m kom sa dwa e map profite di tout moun mwen anfom kou bas e map kontinye batay ak moun sa yo ki kraze peyi a jouk mayi mi 
Yon konba ret konba.

Mwen konn batay pou libere pep la gen anpil risk e map kontinye pran yo e mwen konte sou sipo pep la ak patizan m yo.                                                                                               
Pou Mwen, li klè Mwen Viktim yon tantativ Asasina. Yo te vle etenn souf Mwen. Tout moun Konnen Mwen toujou gen menas sou vi m. Men m jan lòt Dirijan SDP yo gen anpil menas sou tèt yo. Li klè kou dlo kòk yo te genyen yon plan Lanmò pou mwen, men lidèchip mwen sove anpil vi e proteje m kom sa dwa.                                                                                                                
Jodia Advèsè m yo ta pral fe fèt  si yo te Jwenn fay pou yo te fè m pase pou Kriminèl,pou Asasen. 
Kote ki gen granmoun timoun pa boule kay.                                                                                          
Sila yo ki kite moun mete yo devan pou vini agrese m nan  gen yon Fanmi, yo se Ayisyen men m jan ak Mwen malgré se ti rouj yo ye, se frèm yo yè . Si Mwen te Kite moun ki te ak Mwen yo aji Fanmi moun sa yo te kapab nan Lapenn Jodi a. Mwen pat vle sa.                                                         

Mwen vle pale ak Tout Moun ki pwòch Mwen yo, Fanmi m, zanmi m, Kamarad SDP yo pou mwen di yo fok yo pridan anpil,batay pou chanje peyi a pa piti e lap long.
Se vre jan bagay la pase a se ta yon diskisyon milat kont nèg nwa men mwen pa vle kwe sa e mwen pa swete sa tou. 
Peyi  a paka retounen nan sa anko nan vye démon sa yo.                                                            
Sa ki pase pap fè m Sispann renmen Ayiti ak tout Ayisyen. Map Kontinye renmen Ayiti. Map Kontinye kanpe Anfas Sila yo ki kraze Peyi a nan 10 Lane ki sot pase yo. Map Kontinye konbat kont Sila ki mete gang nan tout peyi a.                                                                                                                   

Mwen renmen Ayiti !                                                                                                                                                             Mwen voye  Ekskiz  bay tout moun ke jan de diskisyon sa yo nan lye lwazi ka deranje ak sila ki viktim.
fok nou konnen depi gen alkol yon kote li enpotan pou n fe prev de Responsababilite selman jan de bagay sa yo se fè divè.
Mesi pou bon konprann nou!

Batay pou chanje lavi pep la pap kanpe, menas pa menas, entimidasyon pa entimidasyon, provokasyon pa provokasyon e map batay pou kesyon milat kont nèg la pa retounen ankò nan peyi a. Nou bezwen rekonsilyasyon nan peyi a . 

Premye Me 2022.                                                                         Mèt André Michel

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.