Fanm Siyatè akò 11 sektanm lan di « aba tout gouvènman ki gen 15% fanm »

0
1798

Kolektif Oganizasyon Fanm Siyatè akò 11, 12, 13 sektanm lan ki se manm Konsèy Nasyonal Sosyete sivil ayisyèn lan di : « aba tout gouvènman ki gen 15% fanm »

Nou denonse konpòtman matchis Premye Minis Ariel Henry ki pare pou monte yon gouvènman kipa respekte prensip konstitisyonèl kota pipiti 30% fanm lan. Nou gen enfòmasyon de bòn sous ki fè kwè sou 18 Minis nan kabinè Ministeryèl la se 4 fanm sèlman ki genyen e se nan Ministè kondisyon fanm ak Dwa Fanm, Ministè Kilti ak Kominikasyon, Ministè Touris ak Ministè  Ayisyen kap viv lòt bò dlo.

Tout Ministè regalyen yo se gason ki nan tèt yo. Si reyèlman kabinè ministeryèl ki pral soti a se 4 fanm li genyen ladanl, Nou menm òganizasyon fanm manm Konsèy Nasyonal sosyete sivil ayisyèn nan, nan tout peyi a ki siyen akò 11 sektanm lan nou konsidere se yon zak vyolans Premye Minis la fè sou fanm yo nan moman òganizasyon feminin yo ap pare pou komemore 25 novanm ki se jounen entenasyonal vyolans kap fèt sou fanm.

Kolektif Oganizasyon Fanm Siyatè akò 11, 12, 13 sektanm ki se manm Konsèy Nasyonal Sosyete sivil ayisyèn lan kalifye konpòtman Premye Minis la kòm yon vyolasyon prensip demokratik yo, yon vyolasyon konvansyon ak trete entènasyonal Ayiti siyen e ratifye konsènan vyolans ak diskriminasyon sou fanm tankou : CEDEF ak Belem Do Para.

Nap fè Premye Minis la sonje, reprezantasyon pipiti 30% fanm nan kabinè ministerèl la se pa yon kado, se pito yon aki oganizasyon fanm yo te goumen anpil pou li. Nap di l tou, Gen enstriman jiridik nasyonal ak entènasyonal ki kore patisipasyon fanm nan gouvènman an.

Nan nivo nasyonal :

  • Konstitisyon 87 la, ki amande an 2011, konsakre nan atik 17-1 prensip konstitisyonèl kota 30% fanm nan tout nivo lavi nasyonal la, spesyalman nan sèvis piblik yo ;
  • Atik 31.1.1 etabli tout lwa ki gen pou wè ak pati politik ki dwe rezève nan estrikti yo ak nan mekanis fonksyonman yo yon tretman ki konfòm ak prensip kota pipiti 30% an ;
  • Lwa sou kreyasyon, òganizasyon ak fonksyonman pati politik yo, nan atik 31 mande pou pati politik yo evite tout diskriminasyon de genre.

Nan nivo entènasyonal :

  • Depi lane 1997, Leta ayisyen ratifye Konvansyon entèramerikèn sou prevansyon, sanksyon ak eliminasyon vyolans sou fanm ki pote non : «Konvansyon Belem Do Para». Atik 5 konvansyon sa fè konnen tout fanm kapab ekzèse libreman, plènman dwa sivil, politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl yo.
  • Deklarasyon Platfòm daksyon Beijing ki te adopte nan katriyèm Konferans mondyal  sou fanm fè obligasyon aK leta toupatou sou latè pou pran mezi nesesè pou garanti patisipasyon fanm nan tout nivo nan gouvènman.
  • Rezolisyon 1325 Konsèy sekirite Nasyonzini sou fanm kontribye nan pwomosyon patisipasyon fanm nan lavi politik.

Sa vle di, apati enstriman jiridik nasyonal aK entènasyonal sa yo, nou dwe denonse ak tout fòs nou konpòtman matchis, antidemokratik ki pral karakterize gouvènman konsansis ki pral enstale pwochènman. Kit se Premye Minis kit se pati politik kap patisipe nan gouvènman konsansis la, yo fè vyolans  ak diskriminasyon sou fanm leu yo pa respekte kota pi piti  30% fanm lan.

4 Minis fanm sou 18 minis se yon aberasyon, Kolektif Oganizasyon Fanm Siyatè akò 11, 12, 13 sektanm  ki se manm Konsèy Nasyonal Sosyete sivil ayisyèn lan rele anmwe, nou di : kou sa pap pase, an 2021, kote toupatou sou latè, leta ak gouvènman yo rekonèt  nesesite pou fanm patisipe nan espas politik kote desizyon ap pran. Ayiti paka toujou kontinye Ap preche move ekzanp.

Nan moman patou sou latè, gouvènman ak sosyete sivil, patikilyèman òganizasyon feminin yo ap pare pou komemore 25 novanm ki se jounen entènasyonal pou prevansyon ak eliminasyon vyolans kap fèt sou fanm Nou pap kite Premye Minis lan fè vyolans sou fanm yo, leu li anpeche yo ekzèse dwa politik yo.

 Nan konferans pou laprès nou te fè jou ki te 5 novanm pase a, nou te déjà lanse yon piga bay PM lan nan sa ki konsène reprezantasyon fanm nan diferan pòs nominatif yo. Menm jan ak pati politik yo, nou menm òganizasyon fanm siyatè akò a, nou gen dwa pou revandike plas fanm yo nan gouvènay peyi a. nou pap dakò sa pase konsa, Premye Minis lan dwe pibliye yon kabinè ministeryèl ki gen pou piti 30% fanm.

Nan divès rankont nou te fè ak Premye Minis Ariel Henry anvan siyati akò a, nou te klè avèk li sou respè prensip konstitisyonèl kota pipiti 30% fanm lan. Dayè, se youn nan prensipal kondisyon nou te poze pou nou te siyen akò politik pou yon gouvènans apeze efikas pou peryòd enterimè a.

Kolektif Oganizasyon Fanm Siyatè akò 11, 12, 13 sektanm  ki se manm Konsèy Nasyonal Sosyete sivil ayisyèn lan ekzije Premye Minis lan fòk gen pi piti  7 fanm ki entegre gouvènman konsansis la. Nap rete mobilize, nap veye anwo, nap veye anba, fanm yo dwe gen aksè a tout pòs nominatif yo, paske : «fanm nan pouvwa se yon chans pou bon jan gouvènans »

Fait à Port-au-Prince, le 23 novembre 2021

Pour authentification

                                                                                                     Carline SAINTIL

                                                                                                      Porte-Parole

(509)3434-4015

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.