Regroupman Etidyan Revolisyonè di batay la dwe kontinye menmsi gen lidè ki fè koub

0
1333

Senmak, dimanch 17 oktòb 2021

RETIRE (Regwoupman Etidyan Revolisyonè) koube l byen ba nan okazyon 215 lane kòsasinay ki te fèt sou papa nanchon an, Jan Jak Desalin, pou salye kouraj ak detèminasyon pèp Ayisyen an nan batay pou twouve grandètmajè Peyi a ak byennèt pou nou tout.

RETIRE (Regwoupman Etidyan Revolisyonè) konstate chak jou ki fè jou, konze y ap vin pi plis nan peyi a, e yo prè pou kidnape, teworize, sakrifye e menm ansasinen tout pitit pèp la ki atache ak Peyi a e prè pou batay pou sa chanje kote tou   yon ti klik mafya newoliberal ki sèvi ak peyi papa Desalin lan kòm latrin pou fè poupou yo sou konplisite yon elit entelektyèl restavèk ak yon elit ekonomik revandè san konsyans k ap toupizi pèp la nan pa kreye anplwa, men k ap vann pèp la pwodui byen chè.

Konsta sa a kontinye kote nou wè yon Peyi enperyalis swadizan zanmi Peyi Dayiti k ap maspinen anpil konpatriyòt Ayisyen sou fontyè Tekzas. Sèl krim yo fè se kite peyi kote yo te ye a pou vin chèche lavi miyò Ozetazini pou ede tèt yo ak fanmi yo an n Ayiti.

Peyi enperyalis sa a pase anba pye dwa moun yo genyen pou viv nòmal sou pretèks  yo ilegal pandansetan li fèmen je l  sou sa k ap pase Matisan an. Selon anpil moun, se zwèzo bèk fè a ki ta antre nan konplisite vann zam ak kèk gwo chabrak nan oligachi a ki li menm ap revann bandi, kidnapè, kadejakè.

Nan okazyon sa a, RETIRE (Regwoupman Etidyan Revolisyonè) ap raple tout Ayisyen ak Ayisyèn: batay pou byennèt la dwe kontinye menmsi gen lidè nan batay la ki fè koub!  Men nou dwe sèvi ak sa kòm motivasyon pou pran desten nou, pou derasinen tout moun ki kanpe anfas lavni nou e delivre peyi a anba men tout enperyalis ak konze yo.

Viv yon peyi libelibè!Viv revolisyon an!

DORCELUS Jeanvens, kòdonatè jeneral
GEORGES Jamesley, kòdonatè adjwen
NOËL Chilot, relasyonis piblik

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.